Michée te di: “Pou sa, tande pawòl SENYÈ a. Mwen te wè SENYÈ a te chita sou twòn Li e tout lame syèl la te kanpe akote Li adwat Li e agoch Li.
Sòm 81:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Pa kite okenn dye etranje rete pami nou. Ni nou pa pou adore okenn dye etranje. 1998 Haïtienne (10) Piga nou janm sèvi lòt bondye, piga nou janm adore bondye lòt nasyon yo! |
Michée te di: “Pou sa, tande pawòl SENYÈ a. Mwen te wè SENYÈ a te chita sou twòn Li e tout lame syèl la te kanpe akote Li adwat Li e agoch Li.
“Koute O pèp Mwen an e Mwen va pale. O Israël, Mwen va fè temwayaj kont ou. Mwen se Bondye, Bondye pa ou a.
Li te di: “Si nou okipe byen vwa a SENYÈ a, Bondye nou an, si nou fè sa ki bon nan zye Li, si nou bay zòrèy nou a kòmandman Li yo, e kenbe lwa Li yo, Mwen p ap mete sou nou, okenn nan maladi ke M te mete sou Ejipsyen yo; paske se Mwen, SENYÈ ki geri nou an.”
Se Mwen ki te deklare, sove, pwoklame e pat genyen dye etranje pami nou. Konsa, nou se temwen M”, deklare SENYÈ a: “Epi Mwen se Bondye.
Koute pawòl SENYÈ a, O fis a Israël yo, paske SENYÈ a gen yon pwose kont pèp peyi a: Anverite, nanpwen fidelite, ni dousè, ni konesans Bondye nan peyi a.
Juda te aji nan enfidelite, e yon abominasyon te fèt an Israël ak Jérusalem; paske Juda te pwofane sanktyè a SENYÈ a, ke li renmen, e te vin marye ak fi a yon dye etranje.