Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Egzòd 15:26 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

26 Li te di: “Si nou okipe byen vwa a SENYÈ a, Bondye nou an, si nou fè sa ki bon nan zye Li, si nou bay zòrèy nou a kòmandman Li yo, e kenbe lwa Li yo, Mwen p ap mete sou nou, okenn nan maladi ke M te mete sou Ejipsyen yo; paske se Mwen, SENYÈ ki geri nou an.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

26 Li di yo: — Se mwen menm ki Senyè a, Bondye nou an. Si nou koute m lè m pale nou, si nou fè tout sa ki dwat devan mwen, si nou louvri zòrèy nou pou swiv kòmandman mwen yo, pou nou kenbe lòd mwen ban nou, mwen p'ap voye malè sou nou, jan mwen te fè moun peyi Lejip yo. Se mwen menm, Senyè a, k'ap geri nou.

Gade chapit la Kopi




Egzòd 15:26
42 Referans Kwoze  

akoz yo te abandone Mwen e te adore Astarté deyès a Sidonyen yo, Kemosh, dye a Moab la ak Milcom, dye a fis Ammon yo. Epi yo pa t mache nan vwa Mwen yo, pou fè sa ki dwat nan zye M, e swiv règleman Mwen yo avèk òdonans Mwen yo, jan papa li, David te fè a.


Epi li va ye, ke si ou koute tout sa ke M kòmande ou, mache nan vwa Mwen yo, fè sa ki dwat nan zye Mwen, e swiv règleman Mwen yo avèk kòmandman Mwen yo jan sèvitè Mwen David te fè a, alò, Mwen va avèk ou pou bati pou ou yon kay k ap dire, jis jan ke M te bati pou David la, e Mwen va bay Israël a ou menm.


Li te ale nan sous dlo a. Li te jete sèl la ladann e te di: “Konsa pale SENYÈ a: ‘Mwen te pirifye dlo sa yo! P ap gen lanmò ni move tè a ankò.’”


“Retounen pale ak Ézéchias, dirijan pèp mwen an: ‘Konsa pale SENYÈ a, Bondye a zansèt ou a, David: “Mwen te tande lapriyè pa w la. Mwen te wè dlo ki sòti nan zye ou a. Men vwala, Mwen va geri ou. Nan twazyèm jou a, ou va monte lakay SENYÈ a.


Li te fè sa ki bon nan zye SENYÈ a e li te mache nan tout chemen a zansèt papa li a, David, ni li pa t vire akote ni adwat, ni agoch.


Paske se Li menm ki blese, e se Li menm ki retire blesè a; Li fè donmaj la, e pwòp men L ki geri l.


ki padone tout inikite ou yo, ki geri tout maladi ou yo,


Li geri sila ak kè kase yo e mete pansman sou blesi yo.


Pa kite okenn dye etranje rete pami nou. Ni nou pa pou adore okenn dye etranje.


Alò li te vin rive nan minwi, SENYÈ a te frape tout premye ne nan peyi Égypte yo, depi premye ne a Farawon ki te chita sou twòn li an, jis rive nan premye ne nan kaptif ki te nan prizon yo, e menm tout premye ne nan bèt yo.


Alò, koulye a, si nou obeyi vwa Mwen, e kenbe akò Mwen, alò nou va pwòp posesyon pa M pami tout pèp yo. Paske tout latè se pou Mwen.


Konsa, nou va pou Mwen, yon wayòm prèt yo, e yon nasyon ki sen.’ Sa yo se pawòl ke ou va pale a fis Israël yo.”


“Mwen menm se SENYÈ a Bondye ou a, ki te mennen ou sòti deyò nan peyi Égypte la, deyò kay esklavaj la.


Men nou va sèvi SENYÈ a Bondye nou an, e Li va beni pen nou, ak dlo nou; epi Mwen va retire maladi pami nou.


Prete zòrèy nou e vin kote Mwen. Koute pou nou ka viv. Mwen va fè yon akò avè w k ap dire pou tout tan, selon mizerikòd fidèl ki te montre a David la.


Mwen te wè chemen li yo; malgre sa, M ap geri li; Mwen va mennen li e restore konsolasyon a li menm ak sila k ap lamante pou li.


‘Paske Mwen te avèti papa zansèt pa w yo solanèlman nan jou ke M te mennen yo sòti nan peyi Égypte la, menm pou rive nan jou sila a, Mwen t ap avèti tout tan e t ap di: “Tande vwa Mwen”.


Men li va vin rive ke si ou koute M byen pre,” deklare SENYÈ a, “pou pa fè chaj antre nan pòtay lavil sa a nan jou Saba a, men ou kenbe Saba a sen e pa fè travay sou li,


Paske M ap fè ou reprann lasante, e Mwen va geri ou de tout blesi ou yo,” deklare SENYÈ a: “Akoz yo te rele ou yon rejte e yo te di: ‘Se Sion; nanpwen moun ki bezwen anyen ladan.’”


‘gade byen, Mwen va mennen kote li lasante ak gerizon, e Mwen va geri yo. Epi Mwen va montre yo lapè ak verite an abondans.


Men sa ke M te kòmande yo e Mwen te di: ‘Obeyi vwa M, e Mwen va Bondye nou e nou va pèp Mwen. Mache nan tout vwa ke M kòmande nou yo, pou tout bagay ale byen ak nou.’


Èske pa gen pomad gerizon nan Galaad? Èske nanpwen doktè la? Alò poukisa lasante fi a pèp mwen an pa t restore?


“Men si yon nonm dwat e li aji ak jistis ak ladwati,


Malgre sa, se te Mwen ki te montre Éphraïm jan pou l mache. Nan bra M, Mwen te pran yo; men yo pa t konnen ke Mwen te geri yo.


Vini, annou retounen kote SENYÈ a; paske li te chire nou, men Li va geri nou. Li te blese nou, men Li va panse nou.


Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an, ki te mennen nou sòti nan peyi Égypte la pou nou pa t esklav pa yo. Mwen te kase fè esklavaj nou an, e Mwen te fè nou mache kanpe dwat.


“Si nou mache nan règleman Mwen yo, e kenbe kòmandman Mwen yo pou fè yo,


Moïse te kriye fò bay SENYÈ a. Li te di: “O Bondye, geri li, mwen priye Ou!”


Nou p ap bwè li jis pou sa kab ale byen pou nou avèk pitit apre nou yo; paske nou ap fè sa ki bon nan zye SENYÈ a.


“Fè atansyon pou koute tout pawòl sila yo ke mwen kòmande nou, jis pou sa kapab ale byen pou nou ak fis apre nou yo pou tout tan, akoz nou fè sa ki bon e jis nan zye a SENYÈ a, Bondye nou an.


si nou va koute vwa a SENYÈ a, Bondye nou an, e kenbe tout kòmandman Li yo ke mwen ap kòmande nou jodi a; epi fè sa ki dwat nan zye SENYÈ a, Bondye nou an.


“SENYÈ a va frape nou avèk abse Égypte yo, avèk timè e avèk kal sou po nou, ak gratèl, nan sila p ap gen gerizon yo.


“Konsa, si nou pa fè atansyon pou swiv tout pawòl a lwa sila yo ki ekri nan liv sila yo, avèk krent non sa a ki plen onè e ki mèvèye la, SENYÈ a, Bondye nou an,


Li va fè retounen sou nou tout maladi Égypte ke nou pè yo e yo va kole sou nou.


Vin wè ke Mwen menm se Li. Nanpwen dye sof ke Mwen. Se Mwen ki mete a lanmò, e se Mwen ki bay lavi. Se Mwen ki te fè blese e se Mwen ki fè gerizon. Nanpwen pèsòn ki kab delivre soti nan men M.


Konsa, Moïse te rele tout Israël e te di yo: “Koute, O Israël, lwa avèk règleman ke mwen va pale jodi a yo nan tande pa nou, pou nou kapab aprann yo e swiv yo avèk atansyon.


“Senyè a va retire pami nou tout maladi; epi Li pa p mete sou nou okenn nan move maladi Égypte ke nou te konnen yo, men Li va mete yo sou tout sila ki rayi nou yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite