Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Detewonòm 32:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 SENYÈ a sèl te gide li. Li pa t gen dye etranje ki te avè l.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

12 Senyè a sèl chèf yo. Li pa bezwen lòt bondye pou ede l.

Gade chapit la Kopi




Detewonòm 32:12
19 Referans Kwoze  

Avèk yon pilye nwaj, Ou te mennen pèp la pandan lajounen, e avèk yon pilye dife pandan lannwit, pou limen chemen yo sou sila yo ta dwe mache yo.


A sila yo menm sèl ke tè a te donnen, e pa t gen etranje ki te pase pami yo.


a Sila ki te mennen pèp Li a nan dezè a, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;


Enstwi mwen nan chemen Ou, O SENYÈ. Mennen m nan yon wout ki a nivo, akoz lènmi mwen yo.


Apre, Li te dirije yo avèk nwaj nan lajounen e nan tout nwit lan avèk limyè dife.


O prete zòrèy Ou, Bèje Israël la, Ou menm ki mennen Joseph tankou yon twoupo, Ou menm ki chita sou twòn anwo cheriben yo, se pou ou briye.


Pa kite okenn dye etranje rete pami nou. Ni nou pa pou adore okenn dye etranje.


Jis rive nan vyeyès nou, Mwen se Li, e menm lè cheve nou blanch, Mwen va pote nou. Mwen te fè, e Mwen va pote. Mwen va pote, e Mwen va delivre.


Tankou bèt ki te desann nan vale yo, Lespri SENYÈ a te bay yo repo. Konsa, Ou te mennen pèp Ou a pou fè pou Ou yon non ki plen laglwa.


Mwen te mennen yo ak kòd a yon nonm, ak lyann lanmou. Konsa, Mwen te vini pou yo kon sila ki retire jouk la sòti nan kou yo. Mwen te bese mete manje devan yo.


epi nan dezè a kote nou te wè kijan SENYÈ a, Bondye nou an, te pote nou, jis jan ke yon nonm ta pote fis li, nan tout chemen kote nou te mache jis nou vin rive kote sa a.’”


Vin wè ke Mwen menm se Li. Nanpwen dye sof ke Mwen. Se Mwen ki mete a lanmò, e se Mwen ki bay lavi. Se Mwen ki te fè blese e se Mwen ki fè gerizon. Nanpwen pèsòn ki kab delivre soti nan men M.


A nou menm, li te montre ke nou ta kapab konnen ke SENYÈ a, se Bondye; nanpwen lòt sof ke Li menm.


Pou sa, konnen jodi a e fè sa antre nan kè nou, ke SENYÈ a, Li menm, se Bondye anwo nan syèl la e anba sou tè a; nanpwen lòt.


paske SENYÈ a, Bondye nou an, se Li ki te mennen nou avèk zansèt nou yo monte sòti nan peyi Égypte la, soti nan kay esklavaj la, ki te fè gwo sign sila yo nan mitan nou. Se Li ki te pwoteje nou nan tout chemen kote nou pase e pami tout pèp nan mitan a sila nou te pase yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite