Sòm 81:15 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Sila ki rayi SENYÈ yo ta tresayi devan Li menm e pinisyon yo ta pou tout tan. 1998 Haïtienne (16) Moun ki rayi Senyè a ta vin flate yo. Pèp Izrayèl la t'ap alèz pou tout tan. |
“Ou pa pou adore yo ni sèvi yo. Paske Mwen, SENYÈ a, Bondye pa w la. Mwen se yon Bondye jalou, k ap vizite inikite a papa yo sou pitit yo, jis rive nan twazyèm ak katriyèm jenerasyon a sila ki rayi Mwen yo,
Yo p ap bati kay pou yon lòt moun rete ladann, yo p ap plante pou yon lòt moun vin manje. Paske kon lavi a yon pyebwa, se konsa jou a pèp Mwen an va ye, e moun chwazi pa M yo va gen tan rejwi nan pwòp zèv men yo.
Men Juda va gen moun ladann jis pou tout tan e Jérusalem de jenerasyon an jenerasyon.
Yo vin Medizan, lènmi a Bondye, ensolan, awogan, ògeye, envantè a mechanste dezobeyisan a paran yo,
Konsa, panse ki konsantre sou lachè se lènmi a Bondye, paske li pa soumèt tèt li a Lalwa Bondye. Paske li pa posib pou lachè a fè sa.
men ki rekonpanse sila ki rayi Li yo devan figi yo, pou detwi yo. Li p ap fè reta avèk sila ki rayi Li a. Li va rekonpanse li devan figi li.