Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Detewonòm 7:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 men ki rekonpanse sila ki rayi Li yo devan figi yo, pou detwi yo. Li p ap fè reta avèk sila ki rayi Li a. Li va rekonpanse li devan figi li.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

10 Men, li p'ap manke pini moun ki rayi li. Se moun sa yo menm l'ap touye, se pa lòt moun. Wi, li p'ap pran reta pou li fè yo peye sa yo te fè a.

Gade chapit la Kopi




Detewonòm 7:10
18 Referans Kwoze  

“Ou pa pou adore yo ni sèvi yo. Paske Mwen, SENYÈ a, Bondye pa w la. Mwen se yon Bondye jalou, k ap vizite inikite a papa yo sou pitit yo, jis rive nan twazyèm ak katriyèm jenerasyon a sila ki rayi Mwen yo,


ki kenbe lanmou dous pandan dè milye de jenerasyon, ki padone inikite, transgresyon ak peche; malgre sa li p ap kite koupab yo san pinisyon. L ap vizite inikite papa yo sou pitit yo, ak sou pitit a pitit yo jis rive nan twazyèm ak katriyèm jenerasyon.”


Si moun dwat yo twouve rekonpans yo sou latè, konbyen anplis pou mechan an avèk pechè a!


Selon zèv pa yo, konsa Li va rekonpanse yo: jijman ak kòlè a advèsè Li yo, rekonpans a lènmi Li yo; a peyi kot yo, Li va bay sa yo merite.


Ou menm ki montre lanmou dous a dè milye, men rekonpanse inikite a papa yo nan sen a jenerasyon k ap swiv yo. Gran e pwisan Bondye, SENYÈ dèzame yo se non Li.


Yon Dye jalou k ap fè vanjans se SENYÈ a. SENYÈ a plen chalè kòlè ak vanjans. SENYÈ a ap pran vanjans Li sou sa yo ki kont Li yo. Sou lènmi Li yo, li konsève chalè kòlè Li.


Epi li te vin rive ke lè lach la te derape ke Moïse te di: “Leve O SENYÈ! Kite sila ki rayi Ou yo Sove ale devan Ou.”


‘SENYÈ a lan nan fè kòlè; Li ranpli avèk lanmou dous, ki padone inikite avèk transgresyon yo. Li p ap janm bliye tò a koupab yo, men Li va vizite inikite a papa yo sou pitit yo jis rive nan twazyèm ak katriyèm jenerasyon.’


Pa janm pran pwòp vanjans nou, byeneme mwen yo, men kite plas pou kòlè Bondye a. Paske sa ekri: “Vanjans se pou Mwen; Mwen menm va bay rekonpans”, di Senyè a.


Pa deyò, se nepe ki va rache lavi yo, epi pa anndan, gwo laperèz, ni sou jennonm ni vyèj la, tibebe a avèk granmoun cheve blanch lan.


“‘Vanjans se pou Mwen, avèk revandikasyon, nan lè pye yo va glise, Paske jou malè a yo toupre, E rekonpans yo ap kouri vit sou yo.’


si Mwen file nepe briyan Mwen an, se men M ki kenbe lajistis. Mwen va rann vanjans sou advèsè Mwen yo, epi Mwen va rekonpanse sila ki rayi Mwen yo.


Nou pa pou adore yo ni sèvi yo; paske Mwen, SENYÈ a, Bondye nou an, se yon Dye jalou, ki vizite inikite a papa yo sou pitit yo, jis rive nan twazyèm ak katriyèm jenerasyon a sila ki rayi Mwen yo,


“Pou sa, nou va kenbe kòmandman yo, lwa avèk jijman ke Mwen ap kòmande nou yo jodi a, pou nou fè.


“Konsa, konnen ke SENYÈ a, Bondye nou an, se Li ki Dye a, Bondye ki fidèl la, ki kenbe akò Li ak lanmou dous Li pou jis rive nan mil jenerasyon avèk sila ki renmen Li yo e ki kenbe kòmandman Li yo,


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite