Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Levitik 26:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Men nou va kouri dèyè lènmi nou yo, e yo va tonbe devan nou pa nepe.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

7 N'a kouri dèyè lènmi nou yo, n'a bat yo, n'a kraze yo ak nepe nou.

Gade chapit la Kopi




Levitik 26:7
13 Referans Kwoze  

Lè fis a Ammon yo te wè ke Siryen yo te sove ale, yo te sove ale osi devan Abischaï, frè li a e te antre lavil la. Epi Joab te vini Jérusalem.


Alò, tout lòt moun nan Jwif yo ki te nan pwovens yo te rasanble pou defann lavi yo, pou te retire lènmi yo pami yo e pou te touye swasann-kenz-mil nan sila ki te rayi yo; men yo pa t mete men yo sou piyaj la.


Sila ki rayi SENYÈ yo ta tresayi devan Li menm e pinisyon yo ta pou tout tan.


“Pou sila nan nou ki kab toujou rete la yo, Mwen va osi pote feblès nan kè yo pandan yo nan peyi lènmi yo. Konsa, bwi a yon fèy k ap kouri nan van va fè kè yo sote, e menmlè pèsòn pa kouri dèyè yo, yo va sove ale tankou se devan nepe, e yo va tonbe.


“Mwen va osi bay lapè nan peyi a, pou nou kapab kouche san okenn moun pa fè nou tranble. Osi mwen va retire bèt sovaj nan peyi a, e okenn nepe p ap pase nan peyi nou.


Senk nan nou va chase yon santèn, san nan nou va chase di-mil, e lènmi nou yo va tonbe devan nou pa nepe.


“SENYÈ a va fè lènmi ki leve kont nou yo bat devan nou. Yo va vin parèt kont nou nan yon sèl direksyon, men y ap sove ale devan nou nan sèt direksyon.


Kijan yon moun ta kapab chase yon milye, pou de sèl grenn fè di mil sove ale, sof ke Wòch pa yo a te vann yo, sof ke SENYÈ a te livre yo bay.


Youn nan moun pa nou yo va fè yon milye sove ale; paske SENYÈ a, Bondye nou an, se Li menm ki goumen pou nou jan Li te pwomèt nou an.


Li te twouve yon zo a machwè bourik fre. Konsa, li te lonje pran l e li te touye mil lòm avèk li.


Men Barak te kouri dèyè cha yo avèk lame a jis rive Haroscheth-Goïm e tout lame Sisera a te tonbe pa lam nepe. Nanpwen youn ki te rete.


Mesye Israël yo te rasanble sòti jis Nephtali avèk Aser ak tout Manassé, epi yo te kouri dèyè Madian.


Alò, Jonathan te rale monte ak men l ak pye li, avèk gason zam yo dèyè li. Konsa, yo te tonbe devan Jonathan e gason zam yo te touye kèk apre li.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite