Lanmou dous mwen e sitadèl mwen an, Fòterès mwen ak liberatè mwen an, Boukliye mwen an nan sila mwen kache a, Ki soumèt pèp mwen an anba m.
Sòm 71:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Devni pou mwen wòch abitasyon mwen an, kote mwen kab vini tout tan. Ou te pase lòd pou sove mwen, paske Ou se wòch mwen ak sitadèl mwen. 1998 Haïtienne Se ou menm ki twou wòch kote pou m kache. Se ou menm ki pou sèvi m ranpa ki pou sove mwen. Se ou menm k'ap pwoteje mwen. Se ou menm k'ap pran defans mwen. |
Lanmou dous mwen e sitadèl mwen an, Fòterès mwen ak liberatè mwen an, Boukliye mwen an nan sila mwen kache a, Ki soumèt pèp mwen an anba m.
SENYÈ a se wòch mwen, sitadèl mwen e Delivrans mwen; Bondye mwen, wòch mwen, nan sila mwen jwenn pwoteksyon an.
SENYÈ a va òdone lanmou dous Li a nan lajounen, chan Li yo va avèk mwen pandan nwit lan: Yon lapriyè a Bondye lavi mwen an.
Bondye ou a te kòmande fòs Ou. Montre Ou dyanm, O Bondye, nan sa Ou te fè pou nou menm.
Li va demere nan wotè yo; pwotèj pa li va nan wòch solid ke lènmi yo pa ka pwoche. Pen li va vèse bay li, e dlo li va asire.
Konplètman, touye granmoun, jenn gason, jenn fi, timoun yo ak fanm, men pa touche okenn moun ki gen mak la. Kòmanse soti nan sanktyè pa M nan.” Konsa, yo te kòmanse ak ansyen ki te devan tanp yo.
Bondye etènèl la se kote pou nou kache. Pa anba, se bwa Li ki la pou tout tan. Li te chase lènmi an devan nou; Li te di: ‘Detwi!’