Kite sila ki vle wè kòz dwat mwen yo rele avèk jwa e rejwi. Kite yo di tout tan: “Leve SENYÈ a wo, Li ki pran plezi lè sèvitè li byen reyisi.”
Sòm 70:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Kite tout moun k ap chache Ou yo rejwi e fè kè kontan nan Ou. Kite sila ki renmen sali Ou yo di tout tan: “Kite Bondye egzalte”. 1998 Haïtienne (5) Men, tout moun ki vin jwenn ou, se pou yo kontan, se pou yo fè fèt. Tout moun ki renmen jan ou delivre yo a, se tout tan pou yo di: Bondye gen gwo pouvwa! |
Kite sila ki vle wè kòz dwat mwen yo rele avèk jwa e rejwi. Kite yo di tout tan: “Leve SENYÈ a wo, Li ki pran plezi lè sèvitè li byen reyisi.”
Kite tout sila ki wè Ou yo rejwi e fè kè kontan nan Ou. Kite tout sila ki renmen sali Ou yo pale tout tan: “Ke SENYÈ a kapab leve wo!”
Men kite tout sila ki pran refij nan Ou yo, fè kè kontan. Kite yo toujou chante ak kè kontan, akoz Ou fè abri pou yo. Kite sila ki renmen non Ou yo kapab fè kè kontan nan Ou.
Mwen va rejwi anpil nan SENYÈ a; nanm mwen va rejwi anpil nan Bondyè mwen an, paske Li te abiye mwen ak vètman sali yo. Li te vlope m nan yon manto ladwati, tankou yon jennonm fenk marye dekore kò l ak yon kouwòn; e tankou yon jenn fi maryaj abiye kò l ak bijou.
“Anverite, anverite, Mwen di nou, ke nou va kriye avèk lamantasyon, men lemonn va rejwi. Nou va ranpli avèk tristès, men tristès la va vin chanje an jwa.