Pou SENYÈ a kapab akonpli pawòl ke li te pale konsènan mwen menm nan, lè l te di: ‘Si fis ou yo fè atansyon nan chemen pa yo, pou mache devan M nan verite avèk tout kè yo e avèk tout nanm yo, ou p ap janm manke yon nonm pa ou sou twòn Israël la.’
Sòm 39:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Mwen te di, mwen va veye chemen mwen, pou m pa fè peche ak lang mwen. Mwen va veye bouch mwen, konsi li gen yon brid ladann toutotan mechan yo rete nan prezans mwen. 1998 Haïtienne (2) Mwen te pwomèt mwen t'ap veye sou pawòl mwen, pou m pa peche ak lang mwen. M'ap mete yon fren nan bouch mwen toutotan mechan yo va kanpe la devan mwen. |
Pou SENYÈ a kapab akonpli pawòl ke li te pale konsènan mwen menm nan, lè l te di: ‘Si fis ou yo fè atansyon nan chemen pa yo, pou mache devan M nan verite avèk tout kè yo e avèk tout nanm yo, ou p ap janm manke yon nonm pa ou sou twòn Israël la.’
Men Jéhu pa t fè atansyon mache avèk tout kè li nan lalwa SENYÈ a, Bondye Israël la. Li pa t kite peche a Jéroboam yo, avèk sila li te fè Israël peche yo.
Avèk yo, te Héman, Jeduthun ak lòt ki te dezinye pa non yo, pou bay remèsiman a SENYÈ a, akoz lanmou dous li an san fen.
Men li te di li: “Ou pale kon youn nan fanm san konprann. Èske anverite nou va aksepte sa ki bon nan men Bondye, e pa aksepte sa ki mal?” Nan tout sa, Job pa t peche avèk bouch li.
ki te di: “Avèk lang nou, nou va reyisi. Lèv nou se pou nou. Se kilès ki kab mèt sou nou?”
Alò nan yon tan konsa, sila ki saj la oblije rete an silans, paske tan an vin plen ak mechanste.
Pou rezon sa a, nou dwe prete bokou plis atansyon a sa nou tande deja, pou nou pa vin vag sou li.
Si yon moun panse nan tèt li ke li swiv Bondye tout tan, e malgre sa, li pa mete yon brid sou lang li, li pase pwòp tèt li nan betiz, e lafwa moun sa a vin san valè.