Fè m wè fòs kantite inikite mwen yo avèk peche m yo? Fè m rekonèt rebelyon mwen ak peche m yo.
Sòm 26:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Chache anndan m, O SENYÈ, e pase mwen a leprèv. Sonde panse mwen avèk kè m. 1998 Haïtienne Fouye m, Senyè. Wè tou sa ki nan kè mwen. Sonde m. Wè tou sa ki nan lide m. |
Fè m wè fòs kantite inikite mwen yo avèk peche m yo? Fè m rekonèt rebelyon mwen ak peche m yo.
Ou te teste kè m. Ou te vizite mwen pandan lannwit. Ou te sonde mwen e Ou pa t jwenn anyen. Mwen te fè desizyon eksprè pou bouch mwen pa fè tò.
Paske Ou te fè nou pase a leprèv, O Bondye. Ou te rafine nou tankou ajan konn rafine.
Alò, mete fen a mechanste malfektè yo, men etabli sila ki dwat yo. Paske se ladwati Bondye ki fè prèv nan kè avèk panse moun.
Sepandan, O SENYÈ dèzame yo, Ou menm ki sonde moun dwat yo, ki wè panse ak kè a; kite mwen wè vanjans Ou sou yo; paske a Ou menm, mwen te konfye ka m nan.
“Konsa, Mwen va mennen fè pase twazyèm pati a nan dife. Mwen va rafine yo tankou yo rafine ajan, e pase yo a leprèv tankou lò. Yo va rele non Mwen, e Mwen va tande yo. Mwen va di: ‘Yo se pèp Mwen’, e yo va di: ‘SENYÈ a, se Bondye mwen an.’”