Sòm 136:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Bay remèsiman a SENYÈ a, paske Li Bon, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan. 1998 Haïtienne Di Bondye mèsi paske li gen bon kè. Non, li p'ap janm sispann renmen nou! |
Avèk yo, te Héman, Jeduthun ak lòt ki te dezinye pa non yo, pou bay remèsiman a SENYÈ a, akoz lanmou dous li an san fen.
Lè li te fin konsilte pèp la, li te chwazi sila ki te chante a SENYÈ yo avèk sila ki te fè louwanj nan vètman sen yo, pandan yo t ap sòti devan lame a. Yo t ap di: “Bay remèsiman a SENYÈ a, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan.”
Tout fis Israël yo, lè yo te wè dife a desann, e glwa SENYÈ a sou kay la, yo te bese ba sou pave a avèk figi yo atè pou yo te adore e te bay lwanj a SENYÈ a. Yo te di: “Konsa Li bon, paske lanmou dous Li a dire pou tout tan,”
Prèt yo te kanpe nan pòs pa yo, e Levit yo tou avèk enstriman mizik a SENYÈ a, ke Wa David te fè pou bay lwanj a SENYÈ a lè David te bay lwanj sèvis yo. E yo te di, “Paske lanmou dous Li a dire pou tout tan”. Konsa, prèt yo te soufle twonpèt devan yo, epi tout Israël te kanpe.
Yo te chante, te fè lwanj e te bay remèsiman a SENYÈ a. Yo te di: “Li bon, Paske lanmou dous Li sou Israël jis pou tout tan.” Epi tout pèp la te leve yon gran kri anlè lè yo te louwe SENYÈ a, akoz fondasyon lakay SENYÈ a te fin poze.
Paske Bondye bon. Lanmou dous li a dire jis pou tout tan, e fidelite Li a tout jenerasyon yo.
Men lanmou dous a SENYÈ a, soti pou tout tan jis rive pou tout tan sou sila ki gen lakrent Li yo e ladwati Li a pitit pitit li yo,
Louwe SENYÈ la! O bay remèsiman a SENYÈ a, paske Li bon, paske lanmou dous Li an se pou tout tan.
vwa lajwa a ak vwa kè kontan, vwa a yon jennonm ki fenk marye e vwa a jenn fi maryaj la, vwa a sila k ap di yo: ‘Bay remèsiman a SENYÈ dèzame yo, paske SENYÈ a bon, paske lanmou dous Li dire jis pou tout tan’; k ap pote yon ofrann remèsiman antre lakay SENYÈ a. Paske Mwen va restore bonè a peyi a jan li te ye oparavan an,” pale SENYÈ a.
Kenbe nou menm nan lamou Bondye, epi toujou tan swayezman pou mizerikòd a Senyè nou an, Jésus Kri anvè lavi etènèl.