Sòm 118:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Bay remèsiman a SENYÈ a, paske Li bon. Lanmou dous Li a dire jis pou tout tan. 1998 Haïtienne Fè lwanj Senyè a paske li bon. Non, li p'ap janm sispann renmen nou! |
Paske Bondye bon. Lanmou dous li a dire jis pou tout tan, e fidelite Li a tout jenerasyon yo.
Men lanmou dous a SENYÈ a, soti pou tout tan jis rive pou tout tan sou sila ki gen lakrent Li yo e ladwati Li a pitit pitit li yo,
Louwe SENYÈ la! O bay remèsiman a SENYÈ a, paske Li bon, paske lanmou dous Li an se pou tout tan.
vwa lajwa a ak vwa kè kontan, vwa a yon jennonm ki fenk marye e vwa a jenn fi maryaj la, vwa a sila k ap di yo: ‘Bay remèsiman a SENYÈ dèzame yo, paske SENYÈ a bon, paske lanmou dous Li dire jis pou tout tan’; k ap pote yon ofrann remèsiman antre lakay SENYÈ a. Paske Mwen va restore bonè a peyi a jan li te ye oparavan an,” pale SENYÈ a.