Sòm 102:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Lènmi m yo repwoche m tout lajounen. Sila ki moke m yo sèvi ak non mwen kon madichon. 1998 Haïtienne (9) Tout lajounen lènmi m yo ap joure m. Moun k'ap pase m nan rizib yo pran non m sèvi jouman. |
akoz vwa lènmi an, akoz presyon mechan an. Paske yo pote twoub desann sou mwen. Nan kòlè yo, yo pote rankin kont mwen.
Repwòch fin kraze kè m. Mwen vin ba nèt. Mwen te chache pitye, men pa t genyen; kondoleyans, men nanpwen.
Avèk sila, lènmi Ou yo te fè repwòch yo, O SENYÈ. Se konsa yo te repwoche mak pla pye onksyone Ou a.
Ou va kite non nou kon yon malediksyon a moun chwazi pa Mwen yo, e Senyè BONDYE a va touye nou. Li va rele sèvitè Li yo pa yon lòt non.
Akoz yo menm, yon madichon va vin itilize pa tout egzile Juda ki Babylone yo, ki va di: “Ke SENYÈ a fè ou tankou Sédécias ak tankou Achab, ke wa Babylone nan te boukannen nan dife a,
Epi pandan mwen te pini yo souvan nan tout sinagòg yo, mwen te eseye fòse yo fè blasfèm. Tèlman mwen te anraje avèk yo, mwen te kouri dèyè yo menm nan vil etranje yo.
Paske menm Kris pa t fè tèt li plezi, menm jan sa ekri a: “Repwòch de sila ki te repwoche ou yo te tonbe sou Mwen.”