Ankò li te di: “Ban mwen manto ki sou ou a e kenbe li.” Konsa, li te kenbe li e li te mezire sis mezi nan lòj la e te poze l sou li. Epi li te lantre nan vil la.
Rit 3:16 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Lè li te rive vè bèlmè li, li te di: “Kijan sa te sòti, fi mwen?” Epi li te di li tout sa ke nonm nan te fè pou li. 1998 Haïtienne Lè li rive lakay li, bèlmè a mande l: — Enben, mafi! Ki jan sa pase? Rit tanmen rakonte l tou sa Bòz fè pou li. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Lè Rit rive lakay, Nawomi mande l: “Kòman sa pase pitit fi m?” Rit rakonte l tout sa Bowaz te fè pou li. |
Ankò li te di: “Ban mwen manto ki sou ou a e kenbe li.” Konsa, li te kenbe li e li te mezire sis mezi nan lòj la e te poze l sou li. Epi li te lantre nan vil la.
Li te di: “Men sis mezi lòj li te ban mwen yo, paske li te di: ‘Pa kite men a bèlmè ou vid.’”