Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Rit 2:18 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Li te pran li e te lantre nan vil la pou bèlmè li te wè sa ke li te ranmase yo. Li anplis te rale bay Naomi sa ki te rete lè li menm te fin satisfè.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Li pran lòj degrennen yo, li tounen al moutre bèlmè li tou sa li ranmase. Li ba li rès manje li te rete a tou.

Gade chapit la

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

Rit tounen lakay li nan vil la, Li montre Nawomi, bèlmè li, tout grenn li te ranmase. Apre sa, li bay Nawomi rès manje li te sere lè l t ap manje nan jaden Bowaz la.

Gade chapit la



Rit 2:18
4 Referans Kwoze  

men si yon vèv gen pitit, oswa pitit pitit, yo dwe, dabò, aprann pratike respè anvè pwòp fanmi pa yo, e repaye pwòp paran pa yo, paske sa akseptab devan zye Bondye.


Nan lè manje a, Boaz te di li: “Vin isit la, pou ou kapab manje nan pen an e fonse mòso pen ou an nan vinèg la.” Konsa li te chita akote moun rekòlt yo. Li te sèvi li sereyal boukannen; li te manje, te satisfè, epi te gen rès ki rete.


Konsa Ruth te ranmase nan chan an jis rive nan aswè. Lè li te bat sa li te ranmase yo, li te anviwon yon efa lòj.