Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Rit 2:14 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

14 Nan lè manje a, Boaz te di li: “Vin isit la, pou ou kapab manje nan pen an e fonse mòso pen ou an nan vinèg la.” Konsa li te chita akote moun rekòlt yo. Li te sèvi li sereyal boukannen; li te manje, te satisfè, epi te gen rès ki rete.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

14 Lè moman manje rive, Bòz di Rit konsa: — Pwoche non! Pran yon moso pen, tranpe li nan vinèg la pou manje. Se konsa Rit vin chita ansanm ak travayè yo. Bòz te ba li lòj griye tou. Rit manje plen vant li. Rès manje ki rete a, li sere li.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

14 Pita, lè moman an te rive pou y al manje, Bowaz di Rit: “Vin non, vin manje. Pran pen, tranpe nan sòs la, manje.” Rit ranje kò l, li chita kote travayè yo. Bowaz bay Rit enpe lòj griye. Rit manje vant plen epi l te gen rès rete.

Gade chapit la Kopi




Rit 2:14
17 Referans Kwoze  

te pote kabann yo, basen yo, po kanari yo, ble, lòj, farin, sereyal boukannen, pwa, pwa lantiy, avèk grenn boukannen,


Ou ranje yon tab devan mwen nan prezans lènmi mwen yo. Ou onksyone tèt mwen avèk lwil. Tas mwen fin debòde nèt.


Men sila ki prens toujou fòme plan ki bèl; epi pa bèl plan an, ap kanpe.


Èske se pa pou divize pen ou ak moun grangou yo, e mennen endijan yo antre nan kay? Lè ou wè toutouni an, pou kouvri l; epi pou ou pa kache tèt ou de pwòp chè ou?


Tout te manje e tout te byen satisfè. Yo te ranmase sa ki te rete nan mòso kase yo, e yo te rete douz panyen byen plen.


Mwen va bannou zèb nan chan nou yo pou bèt nou yo, e nou va manje e va satisfè.


“Lè nou fin manje e satisfè, nou va beni SENYÈ a, Bondye nou an, pou bon peyi ke Li te bannou an.


Epi li te di: “Kite mwen jwenn favè nan zye ou, patwon mwen, paske ou te fè m jwenn konfò e vrèman te pale pawòl emab anvè sèvant ou, malgre mwen pa youn nan sèvant ou yo.”


Lè li te leve pou ale ranmase, Boaz te kòmande sèvitè li yo. Li te di: “Kite li ranmase menm pami pakèt yo, pa bay li pwoblèm.


Li te pran li e te lantre nan vil la pou bèlmè li te wè sa ke li te ranmase yo. Li anplis te rale bay Naomi sa ki te rete lè li menm te fin satisfè.


Alò, Jesse te di a David, fis li a: “Pran koulye a pou frè ou yo yon efa nan sereyal boukannen an, e kouri ale nan kan pa yo a.


Alò, Abigaïl te kouri pran de-san mòso pen ak de veso diven, avèk senk mouton deja prepare, senk mezi sereyal boukannen avèk san grap rezen, de-san gato fig etranje e te chaje yo sou bourik yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite