Alò, ke SENYÈ a montre bonte avèk verite Li a nou menm. Konsa, mwen tou, mwen va montre nou bonte sa a akoz nou te fè bagay sa a.
Rit 1:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Epi Naomi te di a de bèlfi li yo: “Ale, retounen nou chak lakay manman nou. Ke SENYÈ a kapab aji anvè nou avèk dousè, jan nou te aji avèk sila ki mouri yo e avèk mwen menm tou. 1998 Haïtienne Men, antan yo sou wout, Nawomi di bèlfi li yo konsa: — Pito nou tounen lakay nou al jwenn manman nou. Mwen mande Senyè a pou l aji byen ak nou menm jan nou te aji byen avè m ansanm ak defen yo. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Men, pandan yo nan wout la, Nawomi di de bèlfi li yo: “Se pou nou tounen lakay nou al jwenn manman nou. Se pou SENYÈ a beni nou fè nou gras, menm jan nou te aji byen ak mwen ansanm ak de pitit gason m yo ki pa la ankò. |
Alò, ke SENYÈ a montre bonte avèk verite Li a nou menm. Konsa, mwen tou, mwen va montre nou bonte sa a akoz nou te fè bagay sa a.
Konnen byen ke nan Senyè a nou va resevwa yon eritaj kòm rekonpans. Se Senyè Kris la ke nou sèvi.
Alò Machlon avèk Kiljon te vin mouri osi. Konsa, fanm nan vin pèdi de pitit li yo, ansanm ak mari li.
Konsa, li te pati kote li te ye, de bèlfi li yo te avèk li. Epi yo te fè wout la pou retounen nan peyi Juda.
Ke SENYÈ a kapab pèmèt nou jwenn repo, nou chak lakay a pwòp mari pa li.” Alò, li te bo yo, yo te leve vwa yo wo, epi te kriye.
Naomi te di bèlfi li: “Ke li menm kapab beni pa SENYÈ a ki pa t retire mizerikòd li sou vivan yo ak sou mò yo.” Ankò, Naomi te di a li: “Nonm nan se fanmi nou, li se youn nan fanmi pwòch nou yo.”
Epi li te di: “Ke ou kapab beni pa SENYÈ a, fi mwen. Ou te montre dènye favè ou a pi bèl pase premye a! Konsa, ke ou pa t kouri dèyè jennonm yo, kit rich, kit pòv.