Rit 2:20 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen20 Naomi te di bèlfi li: “Ke li menm kapab beni pa SENYÈ a ki pa t retire mizerikòd li sou vivan yo ak sou mò yo.” Ankò, Naomi te di a li: “Nonm nan se fanmi nou, li se youn nan fanmi pwòch nou yo.” Gade chapit la1998 Haïtienne20 Nawomi di bèlfi li: — Benediksyon Senyè a pou Bòz! Wi, Senyè a ap toujou kenbe pawòl li, nou te mèt vivan, nou te mèt mouri! Nawomi di ankò: — Nonm sa a, se yon fanmi pre nou li ye. Se yonn nan moun ki reskonsab defann enterè fanmi an. Gade chapit laNouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil20 Nawomi di: “Se pou SENYÈ a beni Bowaz! SENYÈ a bon epi fidèl anvè nou menm ki vivan epi menm ak lòt yo ki deja mouri.” Apre sa, Nawomi di Rit: “Nonm sa a se yon fanmi pwòch nou li ye wi. Li se youn nan moun ki gen dwa pwoteksyon sou fanmi an.” Gade chapit la |