Pwovèb 8:14 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Konsèy ak bon sajès se pou mwen. Entèlijans se non mwen. Pouvwa se pa m. 1998 Haïtienne Se mwen ki bay bon konsèy, ki bay moun ladrès. Mwen gen konprann, mwen gen fòs pouvwa. |
Sa anplis, sòti nan SENYÈ dèzame yo, ki te fè konsèy Li mèvèye, ak sajès Li byen gran.
Ak kilès Li te konsilte, e se kilès ki te bay Li bon konprann? Epi kilès ki te montre Li chemen lajistis la, ki te enstwi Li nan konesans, e ki te fè L konnen chemen an pou L byen konprann?
Paske yon pitit va ne a nou menm, yon fis va bay a nou menm; epi gouvènman an va rete sou zepòl Li. Non Li va rele Konseye Mèvèye, Bondye Pwisan an, Papa Etènèl la, Prens Lapè a.
Gran an konsèy e pwisan an zèv, ki gen zye ki ouvri nan tout chemen a fis a lòm yo, ki rekonpanse tout moun selon chemen li, e selon fwi lan a zèv li;
Men pou sila ki aple yo, ni Jwif, ni Grèk, Kris la se pwisans a Bondye, ak sajès Bondye.
Men selon sa ke Li menm te fè a, nou nan Jésus Kri. Se Li ki te devni pou nou sajès ki soti nan Bondye, ansanm ak jistis, sanktifikasyon, ak redanmsyon.