Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Pwovèb 4:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Tande, O fis yo, enstriksyon a yon papa, e fè atansyon pou ou kab reyisi jwenn bon konprann,

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Pitit mwen, koute levasyon yon papa bay. Louvri zòrèy nou pou nou ka gen konprann.

Gade chapit la



Pwovèb 4:1
15 Referans Kwoze  

Rasanble nou ansanm e tande, fis a Jacob yo. Koute Israël, papa nou.


Vini, pitit, koute mwen. Mwen va enstwi ou nan lakrent SENYÈ a.


pou konnen sajès avèk enstriksyon, Pou dekouvri pawòl bon konprann yo,


Tande byen, fis mwen an, lenstriksyon papa ou, e pa abandone leson a manman ou yo;


Yon fis ki saj aksepte disiplin a papa l, men yon mokè pa koute repwòch.


Koute konsèy e aksepte disiplin pou ou kab vin saj pou tout rès vi ou.


Apiye zòrèy ou pou tande pawòl a saj yo; epi aplike ou a konesans mwen.


Fis mwen an, fè atansyon a sajès mwen, apiye zòrèy ou vè bon konprann mwen;


Di a sajès: “Se ou ki sè mwen,” e rele sajès pi bon zanmi ou,


Nou te obeyi a vwa Jonadab, fis a Récab la, papa nou, nan tout sa li te kòmande nou, pou pa bwè diven pandan tout jou nou yo, nou menm, madanm nou, fis nou yo ak fi nou yo,


Pou rezon sa a, nou dwe prete bokou plis atansyon a sa nou tande deja, pou nou pa vin vag sou li.