Azaria, chèf prèt lakay Tsadok la te di li: “Depi don yo te kòmanse antre lakay SENYÈ a, nou te gen kont pou nou manje avèk anpil ki te rete, paske SENYÈ a te beni pèp Li a, e gran kantite sila a rete toujou.”
Pwovèb 3:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen pou depo ou yo kab vin plen ak abondans, e pou sitèn ou yo plen ak diven tounèf. 1998 Haïtienne Lè ou fè sa, galata ou ap toujou chaje danre. Barik diven ou yo ap plen ra bouch. |
Azaria, chèf prèt lakay Tsadok la te di li: “Depi don yo te kòmanse antre lakay SENYÈ a, nou te gen kont pou nou manje avèk anpil ki te rete, paske SENYÈ a te beni pèp Li a, e gran kantite sila a rete toujou.”
Tout èv ke li te kòmanse fè nan sèvis lakay Bondye a, nan lalwa avèk kòmandman an, nan chache Bondye li a, li te fè yo avèk tout kè li, e li te byen reyisi.
Kite depo nou yo toujou plen, nan bay tout kalite pwodwi. Kite twoupo nou yo pwodwi dè milye e dè di milye nan chan nou yo.
Yon moun ki fè gras a yon malere prete a SENYÈ a, e Li va bay li rekonpans pou bon zèv li a.
Èske semans lan gen tan rive nan depo a? Menm pye rezen an, pye fig etranje a, pye grenad ak bwa doliv la, pa reyisi pote anyen. Malgre sa, soti nan jou sila a, Mwen va beni nou.’”
Nenpòt moun ki nan non a yon disip, bay youn nan pitit sa yo menm yon tas dlo frèt pou bwe; anverite, Mwen di nou li pa p pèdi rekonpans li.
Levit la, akoz li pa gen pati oswa eritaj pami nou, e etranje, òfelen, ak vèv ki nan vil nou yo, yo va manje e satisfè, jis pou SENYÈ a, Bondye nou an, beni nou nan tout travay ke men nou fè.
“SENYÈ a va kòmande benediksyon sou nou nan depo nou yo, nan tout bagay, depi nou mete men nou ladann. Li va beni nou nan peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, bannou an.