Epi nan jou sa a, mòn yo va degoute diven nèf. Nan kolin yo, se lèt ki va koule; tout ravin nan Juda va gen dlo, epi yon sous va sòti lakay SENYÈ a pou awoze vale a Sittim nan.
“Gade byen, jou yo ap vini,” deklare SENYÈ a, “lè sila k ap raboure a va depase sila k ap rekòlte a, e sila k ap foule rezen an va depase sila k ap simen grenn nan; lè mòn yo va degoute diven dous e tout kolin yo va vin fann nèt ak dousè li.
Mennen fè antre tout dim yo nan depo kay la, pou ka gen manje nan kay Mwen an, e pase Mwen a leprèv nan sa”, pale SENYÈ a: “Pou nou wè si Mwen p ap louvri pou nou tout fenèt syèl yo, e vide sou nou yon benediksyon jiskaske nou pa gen ase kote ankò pou nou resevwa li.