Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Pwovèb 22:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Sila ki bay ak men louvri va beni; paske li bay manje a malere.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

9 Bondye beni moun ki gen bon kè, paske lè moun ki gen bon kè wè yon pòv, yo separe sa yo genyen an avè l.

Gade chapit la Kopi




Pwovèb 22:9
29 Referans Kwoze  

Li te bay ak jenewozite a pòv yo. Ladwati li dire jis pou tout tan. Kòn li va egzalte nan lonè.


Yon nonm ki fè gras fè byen pou pwòp tèt li; men yon nonm mechan fè tèt li mal.


Sila ki bay ak bon kè a va pwospere; sila ki bay dlo a va jwenn dlo kont pou tèt li.


Sila ki chache sa ki bon an, chache favè Bondye; men sila ki chache mal la, se mal la k ap vin jwenn li.


Sila ki meprize vwazen li fè peche; men sila ki fè gras a malere a, beni.


Yon moun ki fè gras a yon malere prete a SENYÈ a, e Li va bay li rekonpans pou bon zèv li a.


Sila ki fèmen zòrèy li a kri aflije a, va vin kriye pou kont li, men li p ap jwenn repons.


Sila ki vòlè papa li oswa manman l epi di: “Sa pa yon transgresyon”, se parèy ak yon moun ki detwi.


Sila ki bay a malere a p ap janm manke; men sila ki fèmen zye l ap jwenn anpil malediksyon.


Li lonje men l vè pòv yo avèk sila ki gen bezwen an.


Men sila ki prens toujou fòme plan ki bèl; epi pa bèl plan an, ap kanpe.


Èske m pa gen dwa fè sa mwen vle avèk sa ki pou mwen? Oubyen èske zye ou plen ak lanvi paske mwen gen jenewozite?’


zak lanvi sa ki pou lòt, mechanste, desepsyon, sansyalite, jalouzi, kout lang, ògèy, ak tout kalite foli.


“Men lè w ap fè yon resepsyon, envite malere yo, sila ki bwate yo, ki kokobe yo, ak avèg yo.


Nan tout bagay, mwen te montre nou ke nan travay di konsa, nou dwe toujou ede fèb yo, e sonje pawòl a Senyè Jésus yo, ke Li menm te di: ‘Li pi beni pou bay, pase resevwa.’ ”


“Fanm pami nou ki byen rafine e ki janti a, ki pa t ap eseye menm mete pye li atè tèlman li rafine e janti, li va vin sovaj anvè mari li ke li renmen anpil la, anvè fis li avèk fi li,


Epi pa neglije fè sa ki bon e pataje youn avèk lòt. Paske nan sakrifis konsa yo, Bondye pran plezi.


Paske Bondye pa enjis pou Li ta bliye travay nou ak lanmou ke nou montre anvè non Li, ke nou te bay e kontinye ap bay a sen yo.


Resevwa youn lòt lakay nou san plenyen.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite