Pwovèb 21:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen SENYÈ a pito ladwati ak lajistis plis pase sakrifis. 1998 Haïtienne Fè sa ki dwat. Pa nan patipri. Sa fè Senyè a plezi pi plis pase bèt ou ta touye pou li. |
Paske, Mwen pito mizerikòd olye sakrifis, epi konesans Bondye a plis ke ofrann brile.
“Konsa pale SENYÈ dèzame yo: ‘Ekzekite vrè jijman, e pratike ladousè ak konpasyon, chak moun anvè frè li.
E pou renmen Li avèk tout kè nou, avèk tout konprann nou, e avèk tout fòs nou, e pou renmen vwazen nou tankou tèt ou, se bokou plis pase tout ofrann brile avèk sakrifis.”
Samuel te di: “Èske SENYÈ a twouve menm fòs plezi nan ofrann brile yo avèk sakrifis yo ke li jwenn nan obeyi vwa SENYÈ a? Veye byen, obeyisans pi bon ke sakrifis e koute pase grès a belye yo.