Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Pwovèb 20:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Laperèz a wa a se tankou gwo vwa lyon k ap rele fò; sila ki fè l fache va pèdi lavi l.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Lè yon wa ankòlè, se tankou yon lyon k'ap gwonde. Moun ki mete l ankòlè a, se pwòp tèt li l'ap fè mal.

Gade chapit la



Pwovèb 20:2
10 Referans Kwoze  

Salomon te sèmante pa SENYÈ a e te di: “Ke Bondye kapab fè m sa e menm plis, si Adonija pa gen tan pale pawòl sa a kont pwòp vi pa li.


Koulye a, pou sa, jan SENYÈ a viv la, ki te etabli mwen, e ki te fè m chita sou twòn a David, papa m nan, ki te fè pou mwen yon kay, jan Li te pwomèt mwen an, anverite Adonija ap mete a lanmò jodi a.”


Kòlè a wa a se tankou yon lyon k ap rele fò; men favè li se tankou lawouze sou zèb vèt.


Men sila ki peche kont mwen an, fè pwòp tèt li mal; tout sila ki rayi mwen yo, renmen lanmò.”


Si kòlè a wa a vin monte kont ou, pa abandone pozisyon ou; paske rete kalm ka evite gwo ofans.


Yo va mache dèyè SENYÈ a, Li va gwonde kon yon lyon; Anverite, Li va gwonde, e fis li yo va vini, ap tranble soti nan lwès.


Yon lyon fin gwonde! Se kilès ki p ap pè? SENYÈ a fin pale! Se kilès ki ka refize pwofetize?


Ou te machinen yon gwo wont pou lakay ou nan detwi anpil pèp. Konsa, ou te peche kont pwòp nanm ou.


Epi menm selon veso lansan a mesye sa yo ki te peche e te peye ak lavi yo, kite yo fin bat yo byen plat pou sèvi yo pou kouvri lotèl la, pwiske yo te prezante yo devan SENYÈ a. Yo sen. Konsa, yo va sèvi kòm yon sign a fis Israël yo.”