Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Pwovèb 20:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Diven se yon mokè, e bwason fò fè goumen rive nan tenten; nenpòt moun ki vin sou pa li, pa saj.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

1 Twòp bweson fè ou pase moun nan betiz. Twòp gwòg fè ou pete kabouya, fè lòbèy. Lè ou sou, ou aji tankou moun fou.

Gade chapit la Kopi




Pwovèb 20:1
21 Referans Kwoze  

Alò David te rele li, li te manje bwè devan li e li te fè li sou. Epi nan aswè, li te sòti pou kouche sou kabann li avèk sèvitè a mèt li yo, men li pa t desann lakay li.


Absalom te kòmande sèvitè li yo. Li te di: “Gade koulye a, lè kè Amnon kontan avèk diven an, lè mwen di nou: ‘Frape Amnon’, alò, mete li a lanmò. Pa pè! Èske se pa mwen menm ki kòmande nou? Pran kouraj e rete brav.”


Pa bwè twòp diven, ni fè voras nan manje vyann;


Se pa pou wa yo, O Lemuel, se pa pou wa yo bwè diven, ni pou chèf yo ta bwè diven,


Anplis yo vin toudi akoz bwason fò yo: prèt la ak pwofèt la vin toudi ak bwason fò. Yo vin konfonn akoz diven an, e yo vin toudi akoz bwason fò a. Yo kilbite pandan y ap fè vizyon, e yo manke tonbe lè y ap rann jijman.


Malè a sila ki leve granmaten yo pou yo ka kouri dèyè bwason fò, sila ki rete kanpe tan lannwit pou diven an ka anflame yo.


Malè a sila ki vanyan nan bwè gwòg la e gen gwo kouraj nan mele bwason fò a,


“Vini”, yo di: “Annou twouve diven; annou bwè anpil bwason fò. Epi demen na p fè menm jan ak jodi a! Plis menm!”


Lavi pwostitisyon, diven, ak diven nèf retire bon konprann.


Nan jou a wa nou an, prens yo te fè tèt yo malad ak chalè diven an. Li te lonje men li ak mokè yo.


Pa bwè diven oubyen gwòg, ni ou menm, ni fis ki avèk ou yo, lè nou ap antre nan tant asanble a, pou nou pa mouri—-sa se yon lòd pou tout tan pandan tout jenerasyon nou yo.


Anplis, diven devwale yon moun ògeye, ki pa rete lakay li. L ap ogmante apeti li tankou Sejou mò a. Epi konsa, li menm, tankou lanmò a, pa kapab satisfè. Li rasanble a li menm tout nasyon yo, e li ranmase tout pèp yo a li menm.


ni vòlè yo, ni moun ki gen lanvi yo, ni tafyatè yo, ni medizan yo, ni sila ki nan fwod yo, p ap eritye wayòm Bondye a.


lanvi, bwè tafya, banbochè, e tout bagay konsa yo, ke m avèti nou, menm jan ke m te avèti nou an, ke sila ki pratike bagay sa yo p ap eritye wayòm Syèl la.


Epi pinga nou vin sou avèk diven, paske sa se banbòch, men se pou nou ranpli avèk Lespri a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite