Mwen pa t kite kòmand a lèv Li yo. Mwen te kenbe pawòl a bouch Li kon pi presye pase manje ki fè m gen fòs la.
Pwovèb 2:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Paske, sajès va antre nan kè ou, e konesans va fè ou alèz jis rive nan nanm ou. 1998 Haïtienne Lè sa a, w'a gen bon konprann nan ou. W'a pran tout plezi ou nan konesans ou genyen. |
Mwen pa t kite kòmand a lèv Li yo. Mwen te kenbe pawòl a bouch Li kon pi presye pase manje ki fè m gen fòs la.
Yo pi chè pase lò, wi, pase anpil lò fen. Yo pi dous pase myèl, pase siwo a ki tonbe nan gato myèl la.
Sajès se nan kè a sila ki gen bon konprann nan; menm moun ensanse yo, nan kè, yo konnen.
Paske sa va byen agreyab pou ou si ou kenbe yo anndan ou, pou yo toujou prè sou lèv ou.
Pawòl Ou yo te vin twouve; mwen te manje yo. Pawòl Ou yo te vin pou mwen yon gwo jwa ki fè kè m rejwi; paske mwen te rele pa non Ou, O SENYÈ Bondye Dèzame yo.
Kite pawòl a Kris la rete an abondans nan nou, avèk tout sajès nan enstwi ak korije youn lòt avèk sòm, kantik, ak chan lespri yo, k ap chante avèk rekonesans Bondye nan kè nou.