Pwovèb 19:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Se yon fis plen foli k ap detwi papa l, e yon madanm k ap diskite a se tankou dlo kap degoute san rete. 1998 Haïtienne Yon pitit ki san konprann se yon malè pou papa l. Yon fanm ki toujou ap chache kont, se yon goutyè k'ap degoute dlo san rete. |
Pwovèb a Salomon yo. Yon fis ki saj fè papa li kontan, men yon fis ki plen ak foli se yon gwo doulè pou manman l.
Sila ki fè pitit ki san konprann nan, fè l nan tristès; e papa a yon moun ensanse pa gen kè kontan.
Yon fis ki san konprann se yon tèt chaje a papa l, ak gwo chagren a sila ki te pòte li a.
Li pi bon pou viv nan ti kwen sou twati a pase nan yon kay ak yon fanm k ap fè kont tout tan.
Li pi bon pou viv nan yon kwen twati pase nan yon kay avèk yon fanm k ap fè kont tout tan.
Dlo k ap degoute san rete nan jou gwo lapli avèk fanm k ap fè kont san rete sòti menm jan: