Èske yon nonm saj ta dwe bay repons ak konesans ki sòti nan van, e ki plen tèt li avèk van lès?
Pwovèb 16:23 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Kè moun saj la enstwi bouch li; li ogmante pouvwa l pou konvenk moun ak lèv li. 1998 Haïtienne Moun ki gen bon konprann reflechi anvan li pale. Konsa pawòl li vin gen plis pèz. |
Èske yon nonm saj ta dwe bay repons ak konesans ki sòti nan van, e ki plen tèt li avèk van lès?
Kè m debòde avèk yon bèl sijè. Mwen resite vèsè mwen yo pou Wa a. Lang mwen se plim a yon ekriven byen prepare.
Kè a moun dwat la reflechi anpil pou bay repons; men bouch a mechan an fè anpil move bagay vin parèt.
Moun saj nan kè va rekonèt kon moun bon konprann; e dousè nan pale va ogmante kapasite konvenk moun.
Bon konprann se yon fontèn dlo lavi pou sila ki genyen l; men pou disipline moun ensanse yo se foli.
Kite pawòl a Kris la rete an abondans nan nou, avèk tout sajès nan enstwi ak korije youn lòt avèk sòm, kantik, ak chan lespri yo, k ap chante avèk rekonesans Bondye nan kè nou.