“Mwen te mande li konsa: ‘Fi a ki moun ou ye?’ Epi li te reponn: ‘Fi a Bethuel la, fis a Nachor, ke Milca te bay li a.’ Epi konsa, mwen te mete bag la nan nen li, e braslè yo nan ponyèt li.
Pwovèb 11:22 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Tankou yon bag fèt an lò nan nen a kochon, se konsa yon bèl fanm ki manke bon sans. 1998 Haïtienne Yon bèl fanm ki nan dezòd se yon bèl zanno lò nan nen kochon. |
“Mwen te mande li konsa: ‘Fi a ki moun ou ye?’ Epi li te reponn: ‘Fi a Bethuel la, fis a Nachor, ke Milca te bay li a.’ Epi konsa, mwen te mete bag la nan nen li, e braslè yo nan ponyèt li.
Anverite, moun mechan an p ap chape anba pinisyon; men desandan a moun dwat yo va delivre.
Yon bon madanm se kouwòn a mari li; men sila ki fè l wont lan se tankou pouriti nan zo li.
Chàm konn twonpe e bèlte konn vanite; men se fanm nan ki krent SENYÈ a k ap resevwa lwanj.
Men sa ki vin rive a yo menm selon vrè pwovèb la: “Yon chen retounen a pwòp vomisman l” epi “gwo manman kochon an, lè l fin benye, li retounen woule kò l nan labou a.”