Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Pwovèb 11:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Sila ki meprize vwazen li an, manke bon tèt; men yon nonm ak bon konprann pa pale menm.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Avili yon frè parèy ou, se bagay moun san konprann fè. Yon moun lespri konnen pou l pe bouch li.

Gade chapit la



Pwovèb 11:12
15 Referans Kwoze  

Men pèp la te rete an silans e pa t reponn menm yon mo; paske lòd a wa a se te “Pa reponn li”.


Lè gen anpil pawòl, transgresyon pa kab evite; men sila ki frennen lèv li gen sajès.


Avèk benediksyon a moun dwat yo, yon vil vin leve wo; men avèk bouch a mechan yo, li vin chire nèt.


Sila ki mache toupatou tankou rapòte, revele sekrè yo; men sila ki dign de konfyans sere yon bagay.


Sila ki meprize vwazen li fè peche; men sila ki fè gras a malere a, beni.


Sila ki fè adiltè ak yon fanm manke sajès; nonm nan ki fè sa a, detwi pwòp nanm li.


Alò, Farizyen yo ki te renmen lajan anpil t ap koute tout bagay sa yo, e yo t ap moke L.


Li te anplis pale parabòl sila a pou kèk moun ki te kwè nan tèt yo ke yo te jis, ete gade lòt yo kòm piba.


Epi pandan yo t ap joure Li, Li pa t joure anretou. Pandan Li t ap soufri, Li pa t fè menas, men te kontinye mete konfyans Li nan Sila ki jije avèk ladwati a.


Konsa, Zébul te di li: “Kote ògèy ou fè koulye a, lè ou te di: ‘Kimoun Abimélec ye pou nou ta dwe sèvi li?’ Men se pa moun sa yo ke ou meprize konsa? Ale deyò koulye a pou batay avèk yo!”


Men sèten sanzave ki te di: “Kijan mesye sila a kapab delivre nou?” Yo te meprize li e pa t pote okenn kado pou li. Men li te rete an silans.