Selon sa ke mwen menm te wè, sila ki raboure inikite yo, ak sila ki simen twoub yo, yo rekòlte li.
Pwovèb 1:31 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Pou sa, yo va manje fwi a pwòp chemen yo, e vant yo va vin plen ak pwòp manèv yo. 1998 Haïtienne Se pou nou rekòlte sa nou te simen an. Se pou nou sibi konsekans vye konsèy nou t'ap swiv yo. |
Selon sa ke mwen menm te wè, sila ki raboure inikite yo, ak sila ki simen twoub yo, yo rekòlte li.
Yon nonm va satisfè avèk sa ki bon kon fwi a pawòl li, e zèv lamen a yon nonm va retounen kote li.
Fwi pawòl la ki soti nan bouch moun se rejwisans de sa ki bon; men volonte moun infidèl se vyolans.
Kè a ki pa fidèl va jwen rekonpans pou pwòp chemen li; men yon bon moun va rekonpanse pou sa li fè a.
Men sila ki peche kont mwen an, fè pwòp tèt li mal; tout sila ki rayi mwen yo, renmen lanmò.”
Konsa, Mwen va deziye pinisyon yo, e Mwen va mennen sou yo sa ke yo plis pè a. Paske Mwen te rele, men pèsòn pa t reponn; Mwen te pale, men yo pa t koute, men se mal yo te fè devan zye M, e yo te chwazi sa ki pa t fè M plezi.”
Pèp la tou, a sila yo bay pwofesi sa a ap jete deyò nan lari Jérusalem akoz gwo grangou ak nepe. P ap menm gen moun ki pou antere yo—ni yo menm, ni madanm yo, ni fis yo ni fi yo—paske Mwen va vide pwòp mechanste pa yo sou yo.
Pwòp mechanste ou va korije ou, e enfidelite ou va repwoche ou. Pou sa, konnen e wè ke se mal e anmè ke ou te abandone SENYÈ a, Bondye ou a. Laperèz Mwen pa nan ou,” deklare Senyè BONDYE dèzame yo.
Mwen va pini nou selon rezilta zak nou yo, deklare SENYÈ a: “Epi Mwen va limen yon dife nan forè li ki va devore tout ozanviwon li.’”
Koute, O latè! Gade byen, Mwen ap mennen gwo dega sou pèp sa a; menm fwi a panse pa yo, akoz yo pa t koute pawòl Mwen yo, e selon lalwa Mwen an, yo te rejte li.
Pou sa, Mwen fin vide chalè a kòlè Mwen sou yo. Mwen te konsonmen yo nèt ak dife a chalè kòlè Mwen. Chemen pa yo, Mwen te fè l desann sou tèt yo,” deklare Senyè BONDYE a.