Pwovèb 1:19 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Se konsa tout chemen yo ye a pou tout moun ki vin genyen pa mwayen vyolans. Se pwòp lavi yo kap vin rache. 1998 Haïtienne Nan chache genyen sa ki pa pou ou, se ou ki lakòz malè rive ou. Se sa menm ki pou rive tout moun ki pa wè pase vòlò. |
Sila ki fè pwofi ak movèz fwa a, twouble pwòp lakay li; men sila ki rayi afè anba tab la, va viv.
Sila ki fè konplo ak yon volè rayi pwòp lavi li; li pran sèman an men li pa pale anyen.
Gen yon gwo mechanste ke m konn wè anba solèy la: richès sere pa mèt li jiskaske li rive donmaje pwòp tèt li.
“Malè a sila ki jwenn avantaj malonèt pou lakay li a, pou mete nich li byen wo, pou l ta ka delivre soti nan men a gwo malè!
Lè mwen te wè nan piyaj la yon bèl manto ki sòti Schinear ak de san sik ajan, yon ba lò a pèz senkant sik, alò, mwen te anvi yo e te pran yo. Epi gade byen, yo kache nan tè anndan tant mwen an avèk ajan an anba li.”
Josué te di: “Poukisa ou te twouble nou? Jodi a, SENYÈ a va twouble ou.” Konsa, tout Israël te lapide yo avèk kout wòch. Epi yo te brile yo avèk dife lè yo te fin lapide yo avèk kout wòch.
Epi nan vorasite yo, yo va eksplwate nou avèk fo pawòl, men jijman a yo menm ki te prepare depi nan tan lontan an p ap mize, e destriksyon yo p ap dòmi.