Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Abakik 2:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 “Malè a sila ki jwenn avantaj malonèt pou lakay li a, pou mete nich li byen wo, pou l ta ka delivre soti nan men a gwo malè!

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

9 Madichon pou moun k'ap vòlò pou fè fanmi yo rich, k'ap bati kay sou mòn pou malè pa rive yo!

Gade chapit la Kopi




Abakik 2:9
26 Referans Kwoze  

Yo reflechi anndan kè yo ke kay yo se pou tout tan, epi kote yo rete a se pou tout jenerasyon yo. Yo te rele peyi yo a menm non ak yo.


“Gade byen, men nonm ki refize pran refij nan Bondye a, men ki te mete konfyans nan abondans richès li yo. Li te ranfòse tèt li ak mechanste.”


“Akoz nou te di: ‘Nou te fè yon akò ak lanmò’, epi ak Sejou mò yo, nou te vin angaje. Gwo dega p ap rive sou nou lè l pase, paske nou te fè pwotèj nou ak manti e nou te kache kò nou ak desepsyon.”


Malè a sila ki ogmante kay sou kay ak chan a sou lòt chan, jiskaske pa gen plas, pou ou oblije rete sèl nan mitan peyi a!


Kon yon pentad ki kale ze ki pa t pou li, se konsa sila ki ranmase richès san dwa. Nan mitan jou li yo, yo va kite li, e lè vi l fini, li va yon moun bèt.


Nou menm k ap viv Liban, ki fè nich ak bwa sèd yo, nou va plenyen nan gòj lè gran doulè a rive sou ou; doulè tankou yon fanm k ap akouche a!


Men pou laperèz a ou menm, awogans a kè ou te twonpe ou; ou menm ki rete nan twou wòch yo, ki okipe wotè a kolin nan. Malgre ou fè nich ou wo tankou èg, M ap rale ou desann soti la,” deklare SENYÈ a.


O nou menm ki rete bò kote anpil dlo yo, plen ak richès yo, dènye lè nou an gen tan rive, mezi gwo lanvi nou.


Malgre Babylone ta monte nan syèl la, e malgre li ta ranfòse sitadèl li a; destriktè yo va soti kote Mwen, e destriktè yo va rive kote li”, deklare SENYÈ a.


Prens ki anndan li yo tankou lou k ap dechire bèt pou yo manje, k ap vèse san e detwi lavi pou fè benefis malonèt.


“Menmsi nou bati anlè tankou èg, menmsi nou mete nich nou pami zetwal yo, mwen va rale nou fè nou desann soti la,” deklare SENYÈ a.


Malè a yo! Paske yo ale menm jan avèk Caïn. Pou yon salè yo te kouri tèt an avan nan erè Balaam nan, epi te peri nan rebelyon Koré a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite