Alò, David te di: “Pèsòn pa pou pote lach Bondye a sof ke Levit yo, paske SENYÈ a te chwazi yo pou pote lach Bondye a e pou fè sèvis a Li pou tout tan.”
Nonb 3:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Konsa ou va bay Levit yo a Aaron avèk fis li yo; yo va bay nèt a li pami fis Israël yo. 1998 Haïtienne W'a mete yo sou kont Arawon ak pitit gason l yo. Wi, nan tout moun pèp Izrayèl yo, w'a pran moun fanmi Levi yo, w'a mete yo sou kont prèt yo pou toutan. |
Alò, David te di: “Pèsòn pa pou pote lach Bondye a sof ke Levit yo, paske SENYÈ a te chwazi yo pou pote lach Bondye a e pou fè sèvis a Li pou tout tan.”
Sila yo se sila ki te sèvi avèk fis pa yo: Soti nan fis a Kehathit yo: Héman, chantè a, fis a Joël la, fis a Samuel la,
Epi yo te chwazi prèt yo a divizyon pa yo ak Levit yo nan lòd pa yo pou sèvis Bondye Jérusalem nan, jan sa ekri nan liv Moïse la.
epi de-san-ven nan sèvitè tanp yo, ke David avèk chèf yo te bay pou sèvis Levit yo, tout moun ki te dezigne pa non yo.
Èske li pa sifi pou nou ke Bondye Israël la te separe nou soti nan tout rès kongregasyon Israël la, pou mennen nou touprè a Li menm? Pou fè sèvis tabènak SENYÈ a, e pou vin kanpe devan kongregasyon an pou sèvi yo?
Mennen avè w osi frè nou yo, tribi Levi a, tribi papa zansèt ou a, pou yo kapab vin jwenn avèk ou e sèvi ou, pandan ou menm avèk fis ou yo devan tant temwayaj la.
Yo va osi kenbe tout zafè ki founi tant asanble a, ansanm avèk devwa a fis Israël yo, pou fè sèvis tabènak la.
paske yo te vin pou Mwen nèt soti nan fis Israël yo. Mwen te pran yo pou Mwen menm nan plas a tout sila ki sòti nan vant yo, premye ne nan tout fis Israël yo.
Mwen te bay Levit yo kòm yon kado bay Aaron ak fis li yo soti pami fis Israël yo, pou ranpli sèvis a fis Israël yo nan Tant Asanble a, e pou fè ekspiyasyon pou fis Israël yo, jis pou pa vin gen gwo epidemi pami fis Israël yo akoz ke yo vin pwoche toupre sanktyè a.”
Konsa, Li te bay kèk kòm apot, kèk kòm pwofèt, kèk kòm evanjelis, e kèk kòm pastè ak enstriktè,
Konsa sa ekri: “Lè Li te monte anlè, Li te mennen kon kaptif, kaptivite a menm, e Li te bay don a lèzòm.”