Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Kwonik 6:33 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

33 Sila yo se sila ki te sèvi avèk fis pa yo: Soti nan fis a Kehathit yo: Héman, chantè a, fis a Joël la, fis a Samuel la,

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

33 Men non sanba yo ak tout fanmi yo: Nan fanmi Keyat la te gen Eyman premye sanba, ki te pitit Jowèl, ki li menm te pitit Samyèl,

Gade chapit la Kopi




1 Kwonik 6:33
17 Referans Kwoze  

Konsa, Levit yo te chwazi Héman, fis a Joël la e soti nan fanmi pa li a, Asaph, fis a Bérékia a; epi soti nan fis a Merari yo avèk fanmi pa yo, Éthan, fis a Kuschaja a;


Konsa chantè yo, Héman, Asaph ak Éthan pou fè sonnen senbal bwonz yo;


Li te ranmase tout chèf Israël yo avèk prèt ak Levit yo.


kat-mil te gadyen pòtay yo, e kat-mil ki pou louwe SENYÈ a avèk enstriman ke David te fè pou bay lwanj yo.


epi fis a Samuel yo, premye ne a, Joel ak Abija.


Yo te fè ministè avèk chanson yo devan tant tabènak asanble a, jis lè Salomon te fin bati lakay SENYÈ a Jérusalem; epi yo te sèvi nan fonksyon pa yo selon lòd yo.


fis a Elkana a, fis a Jerocham nan, fis a Éliel la, fis a Thoach la,


epi soti nan fis a Héman yo, Jehiel avèk Schimeï; epi soti nan fis a Jeduthun yo, Schemaeja avèk Uzziel.


epi tout chantè Levit yo, Asaph, Héman, Jeduthun, fis pa yo avèk fanmi pa yo, te abiye an twal len fen, avèk senbal, ap, gita, yo te kanpe nan kote lès a otèl la e avèk yo, san-ven prèt ki t ap soufle twonpèt yo,


O SENYÈ, Bondye sali mwen an, Mwen te kriye fò lajounen kon lannwit devan Ou.


“Mennen tribi Levi a vin pre ou, e fè yo chita devan Aaron, prèt la, pou yo kapab sèvi li.


Konsa ou va bay Levit yo a Aaron avèk fis li yo; yo va bay nèt a li pami fis Israël yo.


Alò te genyen yon sèten mesye ki te soti nan Ramathaïm-Tsophim nan peyi ti kolin Éphraïm yo, non li se te Elkana, fis a Jeroham la, fis a Élihu a, fis a Thohu, fis a Tsuph, Efratyen an.


Li te vin rive nan pwòp lè li, apre Anne te vin ansent lan, ke li te bay nesans a yon gason. Epi li te bay li non Samuel. Li te di: “Akòz mwen te mande SENYÈ a pou li.”


Konsa, mwen te konsakre li bay SENYÈ a. Pou tout tan ke li ta viv li konsakre a SENYÈ a.” Konsa, Samuel te adore SENYÈ a la sou plas.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite