Nonb 26:55 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Men peyi a va divize pa tiraj osò. Yo va resevwa eritaj yo selon fòs kantite ki te konte pami yo. 1998 Haïtienne Men, pou fè separasyon peyi a, n'a tire osò: chak fanmi va resevwa pòsyon pa l dapre kantite moun yo te konte nan chak. |
Ou va divize li pa tiraj osò kon eritaj pami nou menm e pami letranje ki rete nan mitan nou yo, ki fè fis nan mitan nou yo. Epi yo va pou nou tankou moun peyi natal, pami fis Israël yo; yo va resevwa yon eritaj avèk nou pami tribi Israël yo.
Selon tiraj osò a, eritaj pa yo a va divize antre sila ki pi gran ak sila ki pi piti yo.
Nou va eritye teren an pa tiraj osò selon fanmi nou yo. Pou pi gran fanmi yo, eritaj la va vin plis, pou pi piti yo, nou va bay mwens nan eritaj la. Nenpòt lè tiraj osò a tonbe sou nenpòt fanmi, sila a va pou li. Nou va eritye pa tribi a zansèt nou yo.
Konsa, Moïse te kòmande fis Israël yo. Li te di: “Sa se peyi ke nou gen pou separe selon tiraj osò pami nou menm kòm posesyon, ke SENYÈ a te kòmande pou bay a nèf tribi edmi yo.
Yo te di: “SENYÈ a te kòmande mèt pa mwen an pou bay peyi a pa tiraj osò a fis Israël yo. E mèt mwen an te kòmande pa SENYÈ a pou bay eritaj a Tselophchad la, frè nou an, bay pitit fi li yo.
Yo te fè tiraj osò pou yo, e osò a te tonbe pou Matthias. Konsa, li te ajoute pami onz apòt yo.
pou bay remèsiman a Papa a, ki te kalifye nou pou pataje nan eritaj a fidèl yo nan Limyè a.
Konsa, Josué te pran tout peyi a, selon tout sa ke SENYÈ a te pale a Moïse yo; epi Josué te bay li kòm eritaj a Israël selon divizyon pa yo selon tribi pa yo. Konsa, peyi a te gen repo kont lagè a.
selon tiraj osò eritaj pa yo, jan SENYÈ a te kòmande a, pa Moïse pou nèf tribi avèk mwatye tribi a.
Alò, fis Joseph yo te pale avèk Josué e te di: “Poukisa mwen te resevwa yon sèl tiraj osò ak yon sèl pòsyon kòm eritaj, paske nou menm se yon pèp ki anpil ke jis koulye a SENYÈ a te beni anpil?”
Nou va fè apantaj peyi a an sèt pòsyon e mennen li ban mwen. Mwen va tire yo osò pou nou isit la devan SENYÈ a, Bondye nou an.
Alò, dezyèm tiraj osò a te tonbe a Siméon, a tribi a fis a Siméon yo selon fanmi pa yo e eritaj pa yo te nan mitan eritaj a fis Juda yo.
Alò, twazyèm tiraj osò a te monte pou fis Zabulon yo, selon fanmi pa yo. Epi teritwa eritaj pa yo a te rive jis Sarid.