paske yo pa t rankontre fis Israël yo avèk pen avèk dlo, men te anplwaye Balaam kont yo pou bay yo madichon. Men Bondye nou an te vire madichon an fè l vin benediksyon.
Nonb 24:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Ala tant nou yo bèl, O Jacob, ak abitasyon nou yo, O Israël! 1998 Haïtienne Ala bèl tant nou yo bèl, moun Jakòb yo! Ala bèl kote nou rete a bèl, moun Izrayèl yo! |
paske yo pa t rankontre fis Israël yo avèk pen avèk dlo, men te anplwaye Balaam kont yo pou bay yo madichon. Men Bondye nou an te vire madichon an fè l vin benediksyon.
Nanm mwen anvi e menm gen gwo dezi pou lakou SENYÈ a. Kè m ak chè m chante avèk jwa a Bondye vivan an.
Sa se kantite a bagay ki te pou tabènak yo, tabènak temwayaj la, jan yo te nimewote selon lòd a Moïse, pou sèvis Levit yo, ekri pa men a Ithamar, fis Aaron an, prèt la.
Ou bèl, cheri mwen an, tankou Thirtsa; bèl tankou Jérusalem, mèvèye tankou yon lame ak drapo yo.
SENYÈ a va koupe retire nonm nan ki fè sa a, sila ki leve e sila ki reponn nan, soti nan tant a Jacob yo, oswa sila ki prezante ofrann a SENYÈ Dèzame yo.
Konsa fis a Israël te fè. Selon tout sa ke SENYÈ a te kòmande Moïse yo, yo te fè kan bò kote drapo pa yo, e konsa yo te sòti, yo chak avèk pwòp fanmi pa yo selon lakay zansèt papa yo.
Konsa, Balaam te leve zye li anwo, li te wè Israël ki t ap fè kan, tribi pa tribi; epi Lespri Bondye te vini sou li.
Pòt pawòl a sila ki koute pawòl a Bondye yo, ki wè vizyon Toupwisan an, ki t ap tonbe, men zye li gen tan vin debouche.
Tankou vale ki vin ouvri byen laj, tankou jaden ki bò kote rivyè yo, tankou plan lalwa ki plante pa SENYÈ a, tankou bwa sèd ki bò kote dlo yo.
Beni ou ye, O Israël! Kilès ki sanble avèk ou, yon pèp delivre pa SENYÈ a, ki se pwotèj k ap ba ou sekou a ki se nepe a majeste ou? Konsa, lènmi ou yo va vin kraponnen devan ou, e ou va foule wo plas yo.”
Men Mwen pa t dakò koute Balaam. Konsa, li te oblije beni nou, e Mwen te delivre nou soti nan men li.