Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Nonb 24:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Pòt pawòl a sila ki koute pawòl a Bondye yo, ki wè vizyon Toupwisan an, ki t ap tonbe, men zye li gen tan vin debouche.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

4 pawòl moun ki te tande sa Bondye ap di a, pawòl moun ki te wè sa Bondye ki gen tout pouvwa a fè l wè a. Lè sa a, li te tonbe fas atè, men Bondye te louvri je l.

Gade chapit la Kopi




Nonb 24:4
20 Referans Kwoze  

Apre bagay sa yo, pawòl SENYÈ a te vin kote Abram nan yon vizyon. Li te di: “Pa pè, Abram, Mwen se yon pwotèj pou ou. Rekonpans ou va gran.”


Alò, lè solèy la t ap desann, yon gran rèv te tonbe sou Abram. Epi gade byen, yon gwo tenèb ak gran perèz te vin tonbe sou li.


Pou sa, li te di: “Mwen te wè tout Israël gaye sou mòn yo, tankou mouton ki san bèje. Konsa, SENYÈ a te di: ‘Sila yo pa gen mèt. Kite yo chak retounen lakay yo anpè.’”


Yon fwa, Ou te pale nan yon vizyon a fidèl Ou yo. Ou te di: “Mwen te bay soutyen a yon moun ki pwisan. Mwen te fè leve yon jenn nom ki te chwazi pami pèp la.


Menm jan ak aparans a lakansyèl nan nwaj yo nan jou l ap fè lapli, konsa aparans a ekla limyè ki te antoure li a te ye. Konsa aparans a imaj a glwa a SENYÈ a te ye. Lè m te wè l, mwen te tonbe sou figi mwen, e mwen te tande yon vwa ki t ap pale.


Li te di: “Koute pawòl Mwen koulye a: Si gen yon pwofèt pami nou, Mwen, SENYÈ a, Mwen va fè Mwen menm vin rekonèt a li menm nan yon vizyon. Mwen va pale avèk li nan yon rèv.


Bondye te vin kote Balaam nan aswè. Li te di li: “Si mesye sa yo ta vin rele ou, leve ale avèk yo; men se sèlman pawòl ke M pale avèk ou a ke ou va fè.”


Alò, SENYÈ a te ouvri zye a Balaam. Konsa, li te wè zanj a SENYÈ a ki te kanpe nan chemen an avèk nepe a rale nan men li. Balaam te bese jiska tè.


Li te reprann diskou li e te di: “Pòt pawòl a Balaam nan, fis a Beor a, e pòt pawòl a nonm avèk zye louvri a di,


Ala tant nou yo bèl, O Jacob, ak abitasyon nou yo, O Israël!


Men li te vin grangou, e li te vle manje. Men pandan yo t ap fè preparasyon an, li te tonbe nan yon rèv.


Pandan Pierre t ap reflechi sou vizyon an Lespri a te di l: “Gade, gen twa mesye k ap chache ou.


“Konsa li te rive ke lè m te retounen Jérusalem e t ap priye nan tanp lan, ke m te tonbe nan yon pwofon somèy.


Mwen te nan Lespri a nan jou Senyè a, e mwen te tande dèyè m yon gwo vwa tankou son a yon twonpèt,


Lè m te wè Li, mwen te tonbe nan pye Li tankou yon moun mouri. Li te poze men dwat Li sou mwen, e te di: “Pa pè; Mwen se premye ak dènye a,


Anplis, li te retire rad li, li tou te pwofetize devan Samuel e li te kouche toutouni tout jounen an ak tout nwit lan. Pou sa, yo konn di: “Èske Saül, osi, pami pwofèt yo?”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite