Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Nonb 2:34 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

34 Konsa fis a Israël te fè. Selon tout sa ke SENYÈ a te kòmande Moïse yo, yo te fè kan bò kote drapo pa yo, e konsa yo te sòti, yo chak avèk pwòp fanmi pa yo selon lakay zansèt papa yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

34 Moun pèp Izrayèl yo te fè tou sa Senyè a te bay Moyiz lòd fè a. Se konsa yo moute kan yo, chak divizyon apa, anba labànyè pa yo. Lè y'ap deplase, yo mache pa divizyon, chak moun ansanm ak branch fanmi zansèt yo.

Gade chapit la Kopi




Nonb 2:34
15 Referans Kwoze  

Konsa, mwen p ap vin desi lè m gade kòmandman Ou yo.


Yo te toude jis devan zye Bondye. Yo te mache san fot nan tout kòmandman ak devwa Senyè a.


Konsa, Balaam te leve zye li anwo, li te wè Israël ki t ap fè kan, tribi pa tribi; epi Lespri Bondye te vini sou li.


Li pa t wè malè nan Jacob, ni Li pa t wè twoub nan Israël. SENYÈ a, Bondye li a avè l, epi gran vwa a yon wa pami yo.


Konsa te lòd vwayaj la a pou fis Israël yo selon lame pa yo, lè yo te vin pati.


Fis Israël yo va fè kan, chak bò kote pwòp drapo pa yo, avèk drapo lakay papa zansèt pa yo. Yo va fè kan antoure tant asanble a, a yon distans.


Se konsa ke fis Israël yo te fè. Selon tout sa ke SENYÈ a te kòmande Moïse yo, konsa yo te fè.


Alò, fis Israël yo te fè tout travay la selon tout sa ke SENYÈ a te kòmande Moïse yo.


“Fis Israël yo va fè kan, chak mesye bò kote kan pa li, e chak mesye bò drapo pa li, selon lame yo.


Malgre sa, Levit yo pa t konte pami fis Israël yo, jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.


Alò sa yo se chif desandan a Aaron avèk Moïse nan tan lè SENYÈ a te pale avèk Moïse sou Mòn Sinaï a.


Jan SENYÈ a te kòmande Moïse la, konsa li te konte yo nan dezè ki rele Sinaï a.


Konsa, fis Israël yo te pati nan vwayaj yo soti nan dezè a Sinaï a. Epi nwaj la te vin tan nan dezè Paran an.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite