Ke anpil pèp vin sèvi ou, e ke nasyon yo bese devan ou. Vin mèt sou frè ou yo, e lese fis a manman ou yo vin bese a ou menm. Modi va sila ki modi ou yo. Beni va sila ki beni ou yo.”
Nonb 24:18 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Édom va yon posesyon pou li. Séir, lènmi li, osi, va yon posesyon pou li, pandan Israël ap aji avèk gwo kouraj. 1998 Haïtienne Y'a deposede moun Edon yo. Y'a pran peyi Seyi a nan men lènmi l yo. Men, yo menm, moun Izrayèl yo, y'ap fè mèvèy nan lagè. |
Ke anpil pèp vin sèvi ou, e ke nasyon yo bese devan ou. Vin mèt sou frè ou yo, e lese fis a manman ou yo vin bese a ou menm. Modi va sila ki modi ou yo. Beni va sila ki beni ou yo.”
Pa nepe ou, ou va viv, e frè ou a, ou va sèvi li. Men li va rive ke lè ou vin toumante, ou va kase jouk la sou kou ou.”
Alò, Jacob te voye mesaje yo devan li kote frè li Ésaü nan peyi Séir a nan teritwa Édom an.
Li te etabli anplasman militè yo nan Édom. Nan tout Édom, li te fè anplasman militè e tout Edomit yo te devni sèvitè a David. Konsa, SENYÈ a te ede David tout kote li te ale.
Alò, SENYÈ a te fè leve yon lènmi a Salomon, Hadad, Edomit lan; li te nan ras wayal a Édom an.
Paske li te vin rive ke lè David te Édom e Joab, chèf lame a te monte pou antere mò yo, li te frape touye tout gason nan Édom yo
Paske nepe Mwen bwe ase nan syèl la. Gade byen, li va desann pou jije Édom ak pèp ke Mwen te chwazi pou destriksyon yo.
Se kilès sa ki sòti Edom an, avèk vètman Botsra byen kolore a? Kilès sila a, ak abiman majeste Li, k ap mache nan grandè ak fòs li a? “Se Mwen menm ki pale nan ladwati, ki pwisan pou delivre a.”
Nan jou sa a, Mwen va fè leve Lakay David ki te tonbe a, e ranfòse brèch li yo. Anplis, Mwen va leve mazi kraze li yo, e fè l vin rebati tankou nan jou ansyen yo;
pou yo kapab vin posede retay Édom an ak tout nasyon ki rele pa non Mwen yo,” deklare SENYÈ ki fè sa a.
“‘Men Édom te di li: “Ou p ap pase sou nou; sinon, mwen ap vini kont nou avèk nepe.”’”