Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jenèz 27:40 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

40 Pa nepe ou, ou va viv, e frè ou a, ou va sèvi li. Men li va rive ke lè ou vin toumante, ou va kase jouk la sou kou ou.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

40 Se zam ou k'ap fè ou viv. W'ap sèvi frè ou la se vre. Men se pyepoudre ou ye, W'a jwe jouk ou soti anba men li.

Gade chapit la Kopi




Jenèz 27:40
17 Referans Kwoze  

SENYÈ a te di li: “Gen de nasyon nan vant ou. De pèp va vin separe sòti nan vant ou. Yon pèp va pi pwisan ke lòt la. Pi gran an va sèvi pi jèn nan.”


Ke anpil pèp vin sèvi ou, e ke nasyon yo bese devan ou. Vin mèt sou frè ou yo, e lese fis a manman ou yo vin bese a ou menm. Modi va sila ki modi ou yo. Beni va sila ki beni ou yo.”


Mesaje yo te retounen vè Jacob. Yo te di li: “Nou te rankontre frè ou Ésaü. Konsa, li ap vin kote ou avèk kat-san òm.”


Men Ésaü te di: “Mwen gen kont mwen, frè m; kite sa ou genyen yo rete pou ou.”


Li te etabli anplasman militè yo nan Édom. Nan tout Édom, li te fè anplasman militè e tout Edomit yo te devni sèvitè a David. Konsa, SENYÈ a te ede David tout kote li te ale.


Anverite, ou te bat Édom e kè ou vin plen ògèy. Rete lakay ou pou fè kè kontan. Pou ki rezon ou ta pwovoke twoub la jiskaske ou menm, ou ta tonbe, e Juda ansanm avèk ou?”


Li te touye di-mil moun Édom nan Vale Sèl la, epi te pran Séla nan lagè. Li te rele li Yoqthéel, e se sa li ye jis rive jodi a.


Akoz sa, Édom te fè rebèl kont Juda jis rive Jodi a. Epi Libna te fè rebèl menm lè a kont otorite li, akoz li te bliye SENYÈ a, Bondye a zansèt li yo.


Pandan jou li yo, Édom te fè rebèl kont otorite Juda yo, e yo te etabli yon wayòm pou kont yo.


Paske ankò, Edomit yo te vin atake Juda e te mennen yo sòti kaptif.


Moab se basen lave Mwen. Sou Edom, Mwen va jete soulye Mwen. Mwen rele viktwa sou peye Filisten yo.”


Pa sipoze ke Mwen vini pou pote lapè sou latè. Mwen pa t vini pou pote lapè, men nepe.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite