Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Nonb 24:19 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

19 Youn ki soti nan Jacob va gen tout pouvwa, li va detwi retay lavil la.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

19 Yon gwo chèf pral sòti nan pèp Izrayèl la. L'a gouvènen sou yo tout. L'a touye rès moun ki te rete nan lavil yo apre batay la.

Gade chapit la Kopi




Nonb 24:19
19 Referans Kwoze  

Jésus te vin pale avèk yo, e te di: “Mwen fin resevwa tout pouvwa nan syèl la ak sou latè.


Men ou menm, Bethléhem Éphrata, pi piti pami fanmi a Juda yo, nan ou va soti de Mwen Youn pou vin chèf an Israël. Lè pou L vin parèt la te etabli depi nan tan ansyen yo, jis rive nan jou etènite yo.


Baton gouvènans p ap janm sòti sou Juda, ni bwa règleman p ap janm antre pye li jis lè Schilo vini, e a li menm va parèt obeyisans a tout nasyon yo.


Epi sou vètman Li ak kwis Li, Li gen yon non ki ekri: “WA DÈ WA E SENYÈ DÈ SENYÈ.”


Li menm ki, sou men dwat Bondye, te ale nan syèl, kote tout zanj, otorite, ak pouvwa yo te fin soumèt a Li menm.


Paske fòk li renye jiskaske Li mete tout lènmi Li yo anba pye Li.


“Men lènmi M sa yo ki pa t vle M renye sou yo a, mennen yo isit la, e touye yo nan prezans mwen.”


Epi sila yo va ale nan pinisyon etènèl, men jis yo nan lavi etènèl.”


Konsa Li va leve pou mennen bann mouton Li an nan fòs SENYÈ a, nan majeste a non SENYÈ, Bondye Li a. Epi yo va viv, paske nan tan sa a, Li va pwisan jis rive nan dènye pwent latè.


Nan jou sa a, nasyon yo va retounen vè rasin a Jessé a, ki va kanpe tankou yon sinyal pou pèp la. Epi plas repo Li a va ranpli ak laglwa.


Men a Fis la, Li di: “Twòn pa Ou a, O Bondye, se pou Tout tan e pou tout tan. E otorite san patipri a se otorite wayòm Li an.


Akoz sa a, Li te di: “Yon sèten prens te vwayaje nan yon peyi byen lwen pou resevwa yon wayòm pou li menm, e answit, pou li retounen.


Édom va yon posesyon pou li. Séir, lènmi li, osi, va yon posesyon pou li, pandan Israël ap aji avèk gwo kouraj.


Li te gade Amalec. Li te reprann diskou li e li te di: “Amalec se te premye nan nasyon yo, men lafen li pi lwen se destriksyon.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite