Nonb 21:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen SENYÈ a te tande vwa Israël. Li te livre yo bay Canaran, epi yo te detwi yo nèt ansanm avèk vil yo. Konsa, kote sa a te vin releHorma. 1998 Haïtienne Senyè a tande sa yo te mande li a, epi li ede yo. Li fè yo mete men sou moun Kanaran yo ak tout lavil la. Moun pèp Izrayèl yo disparèt ni moun yo ni tout vil yo. Se poutèt sa yo rele kote sa a Destriksyon. |
Li va fè apèl non Mwen e Mwen va reponn li. Mwen va avèk Li nan tan twoub la. Mwen va delivre li e bay li lonè.
Alò, moun Amalec yo avèk Kananeyen ki te rete nan peyi kolin yo, te vin desann. Yo te frape yo, e te bat yo jis rive nan Horma.
Amoreyen ki te rete nan peyi mòn sa yo te parèt kont nou. Yo te chase nou tankou myèl ta fè e yo te kraze nou soti nan Séir jis rive nan Horma.
“Sèlman, nan vil a pèp sa yo ke SENYÈ Bondye nou an, ap bannou kòm eritaj la, nou pa pou kite anyen viv ki respire.
Konsa, Juda te ale avèk Siméon, frè li a, e yo te frape Kananeyen ki te rete Tsephath yo. Yo te detwi li nèt. Konsa, non a vil la te rele Horma.