Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Nonb 21:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Konsa, Israël te fè yon ve a SENYÈ a, e te di: “Si Ou va vrèman livre pèp sa a nan men m; alò, mwen va detwi vil pa yo a nèt.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

2 Lè sa a, moun pèp Izrayèl yo fè yon ve bay Senyè a, yo di konsa: — Si ou lage moun sa yo nan men nou, n'ap mete yo tout apa pou ou ansanm ak tout lavil yo. N'ap detwi yo nèt.

Gade chapit la Kopi




Nonb 21:2
15 Referans Kwoze  

Jephthé te fè yon ve bay SENYÈ a, e te di: “Si Ou va vrèman ban mwen fis Ammon yo nan men m,


Epi Jacob te fè yon sèman. Li te di: “Si Bondye ale avèk mwen, si Li va kenbe mwen nan vwayaj sila ke m ap fè a, e Li va ban mwen manje pou m manje, ak rad pou m mete,


jan li te sèmante a SENYÈ a, e te fè ve a Toupwisan a Jacob la:


Mwen va peye ve mwen yo a SENYÈ a. Wi, kite l fèt nan prezans a tout pèp Li a!


Li te fè yon ve; li te di: “O SENYÈ dèzame, si Ou va vrèman gade afliksyon sèvant Ou an e sonje mwen an, sonje mwen e pa bliye sèvant Ou an, men konsa Ou va bay sèvant Ou an yon fis, epi mwen va bay li a SENYÈ a pou tout jou lavi li yo, e yon razwa p ap janm touche tèt li.”


Konsa, Josué te pase lòd sèman an nan lè sa a. Li te di: “Modi devan SENYÈ a se sila ki leve pou rebati vil sa a, Jéricho. Avèk pèt premye ne li yo, li va poze fondasyon li; avèk pèt denyè ne li yo, li va monte pòtay li yo.”


“Vil la va vin dedye anba ve, li menm avèk tout sa ki ladann se pou SENYÈ a. Sèl Rahab, pwostitiye a ak tout moun ki avè l nan kay la va viv, akoz li te kache mesaje ke nou te voye yo.


nou va, vrèman, frape sila ki viv nan vil sa a avèk lam nepe. Nou va detwi li nèt avèk tout sa ki ladann l, ni bèt li yo avèk lam nepe.


Si yon moun pa renmen Senyè a, li dwe modi. Maranata (Jésus ap vini). Vin non, Senyè nou an!


“Sèlman, nan vil a pèp sa yo ke SENYÈ Bondye nou an, ap bannou kòm eritaj la, nou pa pou kite anyen viv ki respire.


epi lè SENYÈ a, Bondye nou an, delivre yo devan nou e nou fin bat yo, alò, nou va detwi yo nèt. Nou p ap fè okenn akò avèk yo e nou p ap montre yo okenn favè.


Konsa, nou va ranmase tout byen ki sezi nan mitan lari li, epi brile vil la avèk tout byen li avèk dife, kòm yon ofrann brile konplè bay SENYÈ a, Bondye nou an. Li va rete yon pil mazi jis pou tout tan. Li p ap janm rebati.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite