Malè a nou menm, O Moab! Nou gen tan fin gate nèt, O pèp Kemosch la! Li te bay fis li yo kòm sila k ap sove ale, Epi fi li yo kòm kaptif, pou yon wa Amoreyen, Sihon.
Sa pral rèd nèt pou nou, moun peyi Mowab! Nou pèdi nèt, nou menm sèvitè Kemòch! Bondye nou an fè pitit gason nou yo kouri al kache. Li kite pitit fi nou yo tounen prizonye nan men Siyon, wa peyi Amori a.
akoz yo te abandone Mwen e te adore Astarté deyès a Sidonyen yo, Kemosh, dye a Moab la ak Milcom, dye a fis Ammon yo. Epi yo pa t mache nan vwa Mwen yo, pou fè sa ki dwat nan zye M, e swiv règleman Mwen yo avèk òdonans Mwen yo, jan papa li, David te fè a.
Wo plas ki te devan Jérusalem yo, ki te adwat mòn pèdisyon ke Salomon te bati pou Astarté la, abominasyon a Sidonyen yo, avèk Kemosch, abominasyon a fis Ammon yo, wa a te souye yo.
Kè m kriye fò pou Moab! Prens li yo sove ale rive jis Tsoar yo, jis Églath-Schelischija yo. Yo monte pant Luchith la pandan y ap kriye nèt; anverite, menm sou wout pou rive Choronaïm nan, y ap leve yon kri anmwey pou destriksyon yo.
“Nan lonbraj Hesbon, mesye ki chape yo rete san fòs; paske dife a parèt sòti nan Hesbon, yon flanm soti nan mitan Sihon e li te devore fwontèn tèt a Moab ak zo bwa tèt mò a banbochè yo.
Paske akoz konfyans nou mete nan pwòp zèv nou ak trezò pa nou; menm nou menm va vin kaptire. Kemosch va antre an egzil ansanm ak prèt li yo ak prens li yo.
Mwen wè li, men pa koulye a. Mwen gade l, men pa toupre. Yon zetwal va sòti nan Jacob. Yon baton a wa va leve sòti an Israël. Li va kraze travèse fwon Moab la, e li va dechire tout fis a Seth yo.