Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Nonb 21:28 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

28 Paske yon dife te sòti nan Hesbon, Yon flanm soti nan vil a Sihon; Li te devore Ar nan Moab, Pwent wo yo domine Arnon

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

28 Paske yon sèl dife te sòti lavil Esbon, Wi, lame wa Siyon an derape tankou yon flanm dife, li boule lavil Ar-Mowab. Li devore tout chèf ki rete sou mòn Anon an.

Gade chapit la Kopi




Nonb 21:28
20 Referans Kwoze  

Dife te devore jennonm Li yo e vyèj Li yo pa t gen chan maryaj.


Pou sa, Senyè a, BONDYE dèzame yo, va voye yon maladi deperi moun nèt pami gèrye vanyan li yo; epi anba ògèy li, va rasanble yon dife tankou yon flanm k ap brile.


Anplis, Hesbon ak Élealé rele anmwey; vwa yo konn tande jis rive Jahats. Akoz sa, tout mesye ak zam yo kriye fò; nanm yo tranble anndan.


Konsa, li va rive ke lè Moab prezante tèt li, lè l fin fatige kò l sou wo plas li e rive nan sanktiyè li a pou fè lapriyè, li p ap reyisi.


Akoz sa, Mwen va voye dife sou miray Tyr la, e li va devore sitadèl li yo.”


Pou sa, Mwen va voye dife sou Théman, e li va devore tout sitadèl Botsra yo.”


Pou sa, Mwen va sanble yon dife sou miray Rabba a. Li va devore sitadèl li yo nèt, nan mitan gwo kri lagè nan jou batay la, nan mitan siklòn nan jou tanpèt la.


Pou sa, Mwen va voye dife sou kay Hazaël e li va devore sitadèl a Ben-Hadad yo.


Pou sa, Mwen va voye dife sou miray Gaza a, epi li va devore sitadèl li yo nèt.


Pou sa, Mwen va voye dife sou Moab e li va devore sitadèl Kérijoth yo. Moab va mouri nan mitan gwo zen, kri lagè ak son a twonpèt.


Pou sa, Mwen va voye dife sou Juda, e li va devore palè a Jérusalem yo.”


ak pant ki rive nan ravin sèch yo ki rive jis nan kote Ar la e ki touche nan lizyè Moab la.”


Se pou sa ke sila ki sèvi ak pwovèb yo di: “Vini Hesbon! Kite li bati! Konsa kite vil a Sihon an fin etabli.


Epi li te rive nan maten ke Balak te pran Balaam pou te mennen li monte nan wo plas a Baal yo. E li te wè depi la, yon pati nan pèp Israël yo.


‘Jodi a, ou va travèse sou Ar, lizyè a Moab la.


“Alò, SENYÈ a te di mwen, ‘Pa menase Moab, ni pa fè pwovokasyon lagè, paske Mwen p ap bannou okenn nan peyi pa yo pou posede. Paske Mwen te bay Ar a fis a Lot yo kòm posesyon.’


“Epi raje pikan yo te di a bwa yo: ‘Si anverite w ap onksyone mwen kòm wa sou nou, vin pwoteje nou menm anba lonbraj mwen. Men si se pa sa, kite dife a sòti nan raje pikan an pou brile nèt tout sèd Liban yo.’


Men si se pa sa, ke dife sòti nan Abimélec pou manje nèt tout mesye a Sichem avèk Beth-Millo yo; epi ke dife sòti nan mesye Sichem nan ak Beth-Millo yo pou manje Abimélec nèt.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite