Alò, Reuben te retounen nan fòs la, e gade byen, Joseph pa t la nan fòs la; epi li te chire rad li.
Nonb 14:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Josué, fis a Nun lan avèk Caleb, fis a Jephaunné a, nan sila ki te fè espyonaj nan peyi a, te chire rad yo. 1998 Haïtienne Lè sa a, de nan espyon yo, Jozye pitit Noun ak Kalèb pitit Jefoune, frape pye yo atè sitèlman yo te fache. |
Alò, Reuben te retounen nan fòs la, e gade byen, Joseph pa t la nan fòs la; epi li te chire rad li.
Alò, Jacob te chire rad li, li te mete twal sak nan ren li, e li te pase anpil jou ap lamante pou fis li a.
Konsa, yo te chire rad yo, e lè chak moun te fin chaje bèt li, yo te retounen nan vil la.
Alò, David te di a Joab avèk tout moun ki te avèk li yo: “Chire rad nou e abiye nou an sak pou fè lamantasyon devan Abner.” Epi Wa David te mache dèyè sèkèy la.
Epi Éliakim, fis a Hilkija a, ki te sou tout kay la, Schebna, grefye a ak Joach, fis a Asaph la, achivist la, te vin kote Ézéchias avèk rad yo tou chire pou te pale li pawòl a Rabschaké yo.
Konsa Job te leve. Li te chire vètman li, te pase razwa nan tèt li e te tonbe atè pou l te adore.
Men Caleb te kalme pèp la devan Moïse e te di: “Sètènman, nou dwe monte pran posesyon a peyi a, paske nou va, anverite, konkeri li.”
Men sèvitè Mwen an, Caleb, akoz li te gen yon lòt lespri, e li te swiv Mwen nèt, Mwen va mennen l nan peyi kote li te antre a, e desandan li yo va vin pran posesyon li.
vrèman, nou p ap antre nan peyi kote Mwen te sèmante pou mete nou an, sof Caleb, fis a Jephunné a ak Jousé, fis a Nun nan.
Men Josué, fis Nun nan ak Caleb, fis a Jephaunné a te rete vivan pami sila ki te ale fè espyonaj peyi a.
Konsa, Moïse avèk Aaron te tonbe sou figi yo nan prezans a tout asanble kongregasyon a fis Israël yo.
Yo te pale avèk tout kongregasyon a fis Israël yo, e te di: “Peyi ke nou te pase ladann pou fè ankèt la, se yon vrèman bon peyi.
Konsa wo prèt la te chire rad li e te di: “Li gen tan vin blasfeme! Kisa nou bezwen ankò kon temwayaj? Gade, nou fin tande blasfèm nan.
Men lè apòt yo, Barnabas ak Paul te tande sa, yo te chire rad yo. Yo te kouri nan mitan foul la e t ap rele
Alò, fis Juda yo te pwoche toupre Josué nan Guilgal ak Caleb, fis a Jephunné a, Kenizyen an. Yo di li: “Ou konnen pawòl ke SENYÈ a te pale a Moïse, nonm Bondye a, konsènan ou menm avèk mwen nan Kadès-Barnéa.
Josué te chire rad li, e te tonbe atè sou figi li devan lach SENYÈ a, jis rive nan aswè, ni li menm avèk ansyen a Israël yo. Epi yo te mete pousyè sou tèt yo.
Lè li te wè li, li te chire rad li e te di: “Anmwey, pitit mwen, ou mete m ba nèt e ou pami sila yo ki twouble m yo. Paske, mwen te bay pawòl mwen a SENYÈ a, e mwen p ap kab reprann li.”