Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jenèz 44:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

13 Konsa, yo te chire rad yo, e lè chak moun te fin chaje bèt li, yo te retounen nan vil la.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

13 Sa ou tande a, yon sèl lapenn pran mesye yo, yo chire rad sou yo. Chak moun chaje bourik yo ankò, yo tounen lavil.

Gade chapit la Kopi




Jenèz 44:13
7 Referans Kwoze  

Yo te fenk kite vil la, e yo pa t byen lwen lè Joseph te di a chèf domestik li a: “Leve, swiv mesye sa yo. Lè nou rive sou yo, di yo konsa: ‘Poukisa nou rekonpanse mal pou byen?


Alò, David te sezi rad li, te chire yo, menm jan tout mesye ki te avè l yo te fè.


Nan twazyèm jou a, vwala, yon mesye te sòti nan kan an kote Saül la. Rad li te chire epi te gen pousyè sou tèt li. Lè li te parèt a David, li te tonbe atè; li te kouche plat nèt pou fè respè.


Tamar te mete sann yo sou tèt li e te chire manch long yo nan rad sou li a. Li te mete men li sou tèt li, li te sòti e t ap kriye fò pandan li prale a.


Li te gade, e men vwala, wa a te kanpe akote pilye a, selon koutim nan, avèk kapitèn yo ak twonpèt yo akote wa a. Epi tout moun peyi a t ap rejwi e sone twonpèt yo. Athalie te chire rad li e te kriye: “Trayizon, Trayizon!”


Josué, fis a Nun lan avèk Caleb, fis a Jephaunné a, nan sila ki te fè espyonaj nan peyi a, te chire rad yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite