Jozye 7:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen6 Josué te chire rad li, e te tonbe atè sou figi li devan lach SENYÈ a, jis rive nan aswè, ni li menm avèk ansyen a Israël yo. Epi yo te mete pousyè sou tèt yo. Gade chapit la1998 Haïtienne6 Jozye te sitèlman nan lapenn, li endiye, li chire rad sou li epi li tonbe ajenou, li bese tèt jouk atè devan Bwat Kontra Senyè a. Li rete konsa jouk aswè ansanm ak tout chèf fanmi pèp Izrayèl yo, yo benyen tèt yo ak pousyè pou fè wè lapenn yo. Gade chapit la |